Bib Sen An
Levitik Yo 12
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. 1Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp. Nan 2uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi. Alò, manman li va rete nan pirifikasyon san li pandan trann-twa jou. Li pa pou touche okenn bagay ki konsakre, ni antre nan sanktyè a jiskaske jou pirifikasyon li yo fin akonpli. Men si li pote yon pitit fi, li va pa pwòp pandan de semèn, tankou nan lè règ li. Konsa, li va rete nan san pirifikasyon li an pandan swasann-si jou. 3
“‘Lè jou pirifikasyon li yo fin akonpli, pou yon fis, oswa yon fi, li va pote kote prèt la nan pòtay tant asanble a, yon jenn mouton sou laj en an kòm yon ofrann brile, ak yon jenn pijon oswa toutrèl kòm yon ofrann peche. Prèt la, va ofri li devan SENYÈ a. Li va fè ekspiyasyon pou fi a, e konsa, li va netwaye de flo san li an.
“‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl. Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote 4de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, 5prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’”
Source notes (5)
- Cross-reference Lev 15:19
- Cross-reference Jen 17:12
- Cross-reference Luc 2:22
- Cross-reference Luc 2:22-24
- Cross-reference Lev 4:26
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.