Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jij Yo 5

1

Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di: 2

“Akoz chèf yo te dirije Israël,

akoz 3pèp la te pran desizyon,

beni SENYÈ a!

“Tande O wa yo!

Bay zòrèy nou, O gran chèf yo! 4

Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante.

Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.

“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir,

lè Ou te mache soti nan chan Édom an, 5

tè a te tranble e syèl la te fonn,

menm nwaj yo te degoute dlo. 6

Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a,

Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la.

“Nan jou a 7Schamgar a, fis a Anath la,

nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone,

e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.

Aktivite abitan yo te sispann.

Yo te sispann an Israël,

jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve.

Jiskaske m te leve, yon manman an Israël. 8

Yo te pito dye nèf yo.

Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo.

Èske gen lans, èske gen nepe,

pami karant-mil lòm an Israël yo?

Kè m apiye vè 9chèf Israël yo,

mesye ki parèt ak bòn volonte pami pèp la.

Beni SENYÈ a! 10

“Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo,

nou menm ki chita sou tapi chè yo,

ak nou menm ki vwayaje sou wout la.

Lwen bwi achè yo,

nan 11kote y ap rale dlo,

la yo va rakonte 12zèv ladwati a SENYÈ a,

zèv ladwati pou moun li yo an Israël.

“Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo. 13

‘Leve, leve, Débora!

Leve, leve, chante yon chan!

Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’

“Retay prens yo ak chèf yo te desann.

SENYÈ a te desann pou mwen kont pwisan yo.

Sila yo rasinen 14nan Amalek te soti nan Ephraïm.

Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a.

Soti nan Makir, kòmandan yo te desann.

E soti nan Zabulon,

sila ki voye baton pouvwa yo.

Prens Issacar yo te avèk Débora.

Tankou Issacar, konsa Barak.

Nan vale a, yo te plonje 15dèyè talon li.

Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon.

Poukisa nou chita pami 16pak mouton yo

pou tande kri a bann mouton yo?

Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè

ki manke pran desizyon. 17

Galaad te rete lòtbò Jourdain an.

Poukisa Dan te rete nan bato yo?

Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo?

Men 18Zabulon, yon pèp ki pa t

konsidere lavi yo jiska devan lanmò;

ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.

“Wa yo te parèt. Yo te goumen;

wa Kananeyen yo te goumen 19kote Thaanac,

toupre dlo a Méguiddo yo. 20

Yo pa t pran piyaj an ajan. 21

Zetwal yo te goumen soti nan syèl la,

soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.

Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale,

ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an.

O nanm mwen mache avanse ak fòs. 22

Epi zago cheval yo te bat akoz kous la;

kous a tout gwo zago pwisan sa yo.

‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a!

Modi pèp ki rete la a nèt, 23

akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisan yo.’ 24

“Beni pase tout fanm yo se Jaël,

madanm Héber a, Kenyen an.

Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan.

Li te mande dlo; li te ba li lèt.

Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.

Li te lonje men li pou pran pikèt la,

men dwat la pou mato ouvriye a.

Konsa, li te frape Sisera.

Li te kraze tèt li.

Wi, li te kraze fwontèn tèt li a.

Antre janm li yo, li te tonbe.

La, li kouche.

Kote gason an te bese a,

la, li te tonbe mò.

“Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble:

Manman Sisera te gade anndan treyi a.

‘Poukisa cha l la fè reta konsa?

Poukisa nou poko tande bwi

a pye cheval cha li yo,

k ap frape tè a pou l rive?’

Demwazèl saj li yo tap reponn li;

Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li 25

‘Èske se pa ke yo te jwenn,

ke y ap divize piyaj la?

Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye;

pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse,

piyaj a yon twal anbeli trese byen fen;

yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’ 26

“Se konsa pou kite tout lènmi

Ou yo peri, O SENYÈ,

men ke sila ki renmen Li yo

vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.”

Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Egz 15:1
  2. Cross-reference Jij 5:9
  3. Cross-reference Sòm 110:3
  4. Cross-reference Sòm 27:6
  5. Cross-reference Sòm 68:8-9
  6. Cross-reference Egz 19:18
  7. Cross-reference Jij 3:31
  8. Cross-reference Det 32:17
  9. Cross-reference Jij 5:2
  10. Cross-reference Jij 10:4
  11. Cross-reference Jen 24:11
  12. Cross-reference I Sam 12:7
  13. Cross-reference Sòm 57:8
  14. Cross-reference Jij 12:15
  15. Cross-reference Jij 4:10
  16. Cross-reference Nonb 32:1-36
  17. Cross-reference Jos 22:9
  18. Cross-reference Jij 4:6-10
  19. Cross-reference Jij 1:27
  20. Cross-reference Jij 5:30
  21. Cross-reference Jos 10:12-14
  22. Cross-reference Job 39:19-25
  23. Cross-reference Jij 5:13
  24. Cross-reference Jij 4:19-21
  25. Cross-reference Egz 15:9
  26. Cross-reference Sòm 66:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.