Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jij Yo 19

Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda. Men mennaj li a te jwe pwostitiye kont li. Li te kite li pou rive lakay papa l nan Bethléhem nan Juda e li te rete la pandan yon kat mwa. Epi mari li te leve swiv li, pou 1pale dousman avè l pou fè l tounen e te pran avè l sèvitè li a, ak yon pè bourik. Konsa, fi a te mennen li antre lakay papa l. Lè papa l te wè l, li te byen kontan rankontre li. Bòpè li a, papa a fi a te fè l fè reta. Li te rete avè l pandan twa jou konsa. La yo te manje, bwè e loje.

Alò, nan katriyèm jou a, yo te leve granmmaten e yo te prepare pou sòti. Papa a fi a te di a bofi li: 2“Fòtifye ou menm avèk yon mòso pen pou, apre, nou kapab ale.” Konsa, toude te chita manje e bwè ansanm; epi papa a fi a te di nonm nan: “Souple, vin dakò pou pase nwit lan e 3fè kè ou kontan.” Alò, nonm nan te leve pou pati, men bòpè li te ankouraje li. Konsa, li te pase nwit lan la ankò. Nan senkyèm jou a, li te leve pati bonè nan maten. Men papa a fi a te di: “Souple, soutni nou e tann pou jiska apremidi.” Konsa, yo toude te manje.

Lè nonm nan te leve ansanm avèk mennaj li ak sèvitè li a, bòpè li te di li: “Men gade, jou a prèt pou rive; souple, pase nwit lan isit la pou kè ou kapab kontan. Epi demen ou kapab leve bonè pou vwayaje ale lakay ou.” Men nonm nan pa t dakò pase nwit lan. Konsa, li te leve sòti pou te rive nan lye anfas 4Jebus (sa vle di, Jérusalem). Li te gen avè l de bourik sele; mennaj li a te avè l tou.

Lè yo te toupre Jebus, jou a te prèt fini; epi 5sèvitè a te di a mèt li: “Souple, vini e annou vire akote antre vil ki pou Jebizyen yo pou pase nwit lan ladann.”

Men mèt li a te di li: “Nou p ap vire akote antre nan vil etranje ki pa fè pati a fis Israël yo; men nou va kontinye rive jis Guibea.” Li te di a sèvitè li: “Vini e annou pwoche youn nan kote sa yo. Nou va pase nwit lan nan Guibea oswa Rama.” Konsa, yo te kontinye fè wout yo. Solèy la te kouche sou yo toupre Guibea, ki pou Benjamin. Yo te vire akote la pou antre rete nan Guibea. Lè yo te antre, yo te chita nan mache ki pou vil la, pwiske pèsòn pa t pran yo antre lakay yo pou pase nwit lan.

Alò, vwala, yon mesye granmoun t ap sòti nan chan travay li nan aswè. Alò, mesye a te sòti nan 6peyi ti kolin Ephraïm yo, e li t ap viv Guibea, men mesye kote sa yo se te Benjamit yo te ye. Konsa, li te leve zye li pou te wè vwayajè yo nan mitan mache vil la. Epi granmoun nan te di: “Kibò nou prale e kibò nou sòti?”

Li te di: “N ap pase soti Bethléhem nan Juda pou rive kote ki pi izole nan peyi ti kolin Ephraïm yo, paske se la mwen sòti e mwen te ale Bethléhem nan Juda. Men koulye a, se lakay mwen mwen prale e nanpwen moun k ap ban m plas. Men m gen pay ak manje pou bourik nou yo e osi, pen avèk diven pou mwen, sèvant ou, 7e jennonm ki avèk sèvitè ou yo. Nanpwen anyen ki manke.”

Granmoun nan te di: 8“Lapè avèk nou. Sèlman, kite mwen okipe tout bezwen nou yo; sèlman, pa pase nwit lan sou plas la.” 9Konsa, li te pran li lantre lakay li e li te bay bourik yo manje. Yo te lave pye yo e te manje ak bwè. Pandan yo t ap fete, veye byen, 10mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”

Alò, nonm nan, mèt kay la, te parèt deyò kote yo, e te di yo: “Non, zanmi mwen yo, souple pa aji mal konsa! Akoz nonm sa a te 11antre lakay mwen, pa vin fè yon zak bèt parèy konsa! 12Men fi vyèj mwen an ak sèvant li an; souple, kite mwen fè yo sòti pou nou kapab kouche avèk yo e fè sa ke nou pito. Men pa fè zak bèt sa a kont nonm sa a!”

Men mesye yo te refize koute li. Epi nonm nan te sezi ti mennaj li a, li te mennen li deyò kote yo. Konsa, yo te vyole li e te abize li tout lannwit jis rive nan maten, e yo te lage li lè solèy prèt leve. Lè jou te kòmanse vin parèt, fanm nan te vin tonbe devan pòtay kay a mesye a kote mèt la te ye a jiskaske solèy fin klere nèt. Lè mèt li te leve nan maten e te louvri pòt la pou fè wout li, alò vwala, mennaj li an te kouche devan pòtay kay la, avèk men li sou papòt kay la.

Li te di li: “Leve non, annou ale.” 13Men pa t gen repons. Alò, li te mete kadav li sou bourik la, epi nonm nan te leve ale lakay li.

Lè li te antre lakay li, li te pran yon kouto, li te mete men li sou mennaj li a e te 14koupe li fè douz mòso, manm pa manm e te ranvoye li toupatou nan tout tèritwa Israël la. Tout sa ki te wè l te di: “Anyen parèy a sa pa t janm fèt, ni pa t konn wè depi jou ke fis Israël yo te monte sòti nan peyi Égypte la jis jodi a. Reflechi sou sa, pran konsèy e pale klè.”

Source notes (14)
  1. Cross-reference Jen 34:3
  2. Cross-reference Jen 18:5
  3. Cross-reference Jij 16:25
  4. Cross-reference I Kwo 11:4-5
  5. Cross-reference Jij 19:19
  6. Cross-reference Jij 19:1
  7. Cross-reference Jij 19:11
  8. Cross-reference Jen 43:23
  9. Cross-reference Jen 24:32-33
  10. Cross-reference Jen 19:4-5
  11. Cross-reference Jen 34:7
  12. Cross-reference Jen 19:8
  13. Cross-reference Jij 20:5
  14. Cross-reference I Sam 11:7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.