Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jij Yo 15

Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li 1avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.”

Men papa li pa t kite li antre. Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen 2te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.”

Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.” Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo. Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi.

Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?”

Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te 3brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.

Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.” Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam. Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi.

Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?”

Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.”

Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen 4ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?”

Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.”

Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo:

“Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.”

Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.

Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi 5Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li. Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te 6touye mil lòm avèk li. Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.” Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi.

Alò, li te vin swaf. Li te 7rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”

Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a. Epi 8li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.

Source notes (8)
  1. Cross-reference Jen 38:17
  2. Cross-reference Jij 14:2
  3. Cross-reference Jij 14:15
  4. Cross-reference Lev 26:25
  5. Cross-reference Jij 14:19
  6. Cross-reference Lev 26:8
  7. Cross-reference Jij 16:31
  8. Cross-reference Jij 16:31

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.