Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jij Yo 1

Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou 1kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”

SENYÈ a te reponn: 2“Juda va monte. Veye byen, Mwen te mete peyi a nan men l.” Konsa, Juda te di a Siméon, frè li: “Vini avè m nan tèren ki te vin tonbe pou mwen an, pou nou kapab goumen kont Kananeyen yo. Epi lè nou retounen, mwen va ale avè w nan tèren pa w la.” Konsa Siméon te ale avèk li.

Juda te monte e 3SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek. Yo te rankontre Adoni Bézek nan Bézek. Yo te goumen kont li, e yo te bat Kananeyen yo avèk Ferezyen yo. Men Adoni Bézek te sove ale. Yo te kouri dèyè li pou te kenbe li e yo te koupe pous li avèk gwo zòtèy li. Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. 4Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri. Alò, fis Juda yo te goumen kont 5Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la.

Apre, fis a Juda yo te desann pou goumen kont Kananeyen ki te rete nan peyi ti kolin yo ak nan Negev la ak nan ba plèn nan. 6Konsa, Juda te ale kont Kananeyen ki te rete Hébron yo (alò, non Hébron avan an se te Kirjath-Arba.) Yo te frape Schéschaï avèk Ahiman ak Talmaï. 7

Soti la, li te ale kont sila ki te rete Debir yo. (Alò, non Debir se te Kirjath-Sépher) Epi Caleb te di: “Sila ki atake Kirjath-Sépher e ki kaptire li a; a li menm, mwen va bay fi mwen an, Acsa kòm madanm li.” 8Othniel, fis a Kenaz la, pi jèn frè a Caleb la te kaptire li. Konsa, li te ba li fi li a kòm madanm.

Epi 9li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?”

Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.

Desandan 10Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo. Konsa, Juda te ale avèk Siméon, frè li a, e yo te frape Kananeyen ki te rete Tsephath yo. Yo te detwi li nèt. Konsa, non a vil la te rele 11Horma. Anplis, Juda te pran 12Gaza avèk tèritwa ki te pou li a, ak Askalon avèk tèritwa pa li a, ak Ékron avèk tèritwa pa li a. Alò SENYÈ a te avèk Juda, e te chase met dèyo tout sa yo ki te viv nan peyi ti kolin yo. Men yo pa t ka chase mete deyò pèp ki te rete nan vale yo, akoz yo te gen 13cha yo ki te fèt an fè. Alò, yo te bay Hébron a Caleb, 14jan Moïse te pwomèt yo a; epi li te chase fè sòti twa fis Anak yo. Men fis a Benjamin yo pa t chase mete 15Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.

Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo. Lakay Joseph te fè espyonaj Béthel. 16Alò, vil sa, avan lè te rele Luz. Espyon yo te wè yon nonm ki t ap sòti nan vil la. Yo te di li: “Souple, montre nou kote pou nou antre nan vil la, e 17nou va fè ou gras.” Konsa, li te montre yo antre vil la e yo te frape vil la avèk lam nepe. 18Men yo te kite mesye sa a, ak tout fanmi li an libète. Mesye sila a te antre nan peyi Etyen yo. Li te bati yon vil e te ba li non Luz, epi se konsa li rele jis rive jodi a. 19

Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, 20Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a. Li te vin rive ke lè Israël te vin fò, ke yo te fòse Kananeyen yo fè travo fòse, men yo pa t chase yo fè yo sòti nèt. 21

Éphraïm pa t chase fè sòti Kananeyen ki t ap viv Guézer yo, men Kananeyen yo te viv Guézer pami yo. Zabulon pa t chase fè sòti pèp ki te rete Kitron yo, ni pèp ki te rete Nahalol yo. Konsa, Kananeyen yo te rete pami yo e te vin sijè a travo fòse. Aser pa t chase mete deyò pèp a Acco yo, ni pèp a Sidon yo, ni sila a Achlal yo, ni a Heba, ni a Aczib, ni a Rehob yo. Konsa, Aserit yo te rete pami Kananeyen yo, pèp peyi a. Paske, yo pa t chase mete yo deyò. Nephtali pa t chase mete deyò pèp a Beth-Schémesch yo, ni pèp a Beth-anath yo. Men yo te viv pami Kananeyen yo, pèp peyi a, epi pèp peyi Beth-Schémesch avèk Beth-Anath yo te vin fè travo fòse pou yo. Konsa, Amoreyen yo te pouse fis a Dan yo antre nan peyi ti kolin yo, epi te anpeche yo antre nan vale a. Malgre sa, Amoreyen yo te pèsiste rete nan Mòn Hérès, nan Ajalon ak nan Schaalbim. Men lè pouvwa kay Joseph la te vin fò, yo te oblije fè travo fòse. Lizyè a Amoreyen yo te kouri soti nan monte Akrabim nan, soti Séla pou monte piwo.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Jij 1:27
  2. Cross-reference Jen 48:8
  3. Cross-reference Sòm 44:2
  4. Cross-reference Lev 24:19
  5. Cross-reference Jos 15:63
  6. Cross-reference Jos 15:13-19
  7. Cross-reference Jos 15:15
  8. Cross-reference Jij 3:9
  9. Cross-reference Jos 15:18
  10. Cross-reference Nonb 10:29-32
  11. Cross-reference Nonb 21:3
  12. Cross-reference Jos 11:22
  13. Cross-reference Jos 11:22
  14. Cross-reference Jos 14:9
  15. Cross-reference I Kwo 11:4
  16. Cross-reference Jen 28:19
  17. Cross-reference Jos 2:12
  18. Cross-reference Jos 6:25
  19. Cross-reference Jos 17:12
  20. Cross-reference Jij 1:1
  21. Cross-reference Jos 16:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.