Bib Sen An
Josué 8
Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, 1Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a. Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Sèlman, ou va 2pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan. Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou 3ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.
“Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, 4nou va sove ale devan yo. Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo. Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou. Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li 5selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”
Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.
Alò, Josué te 6leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï. Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï. Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre 7Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la. Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.
Li te vin rive ke lè wa Aï a te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la. Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale 8pa chemen dezè a. Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e 9 li te rale yo soti kite vil la. Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.
Epi SENYÈ a te di a Josué: 10“Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.”
Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la. Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la.
Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.
Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo. Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo 11jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo. Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué.
Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe. 12Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï. Paske Josué 13pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo. 14Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.
Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon 15pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a. 16Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.
Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan 17Mòn Ébal. Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, 18yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo. Josué te ekri la sou wòch yo 19yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo.
Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan 20Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la. Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan 21liv lalwa a. Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, 22avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.
Source notes (22)
- Cross-reference Jos 6:2
- Cross-reference Det 20:14
- Cross-reference Jij 20:29
- Cross-reference Jij 20:32
- Cross-reference Det 20:16-18
- Cross-reference Jen 22:3
- Cross-reference Jen 12:8
- Cross-reference Jos 15:61
- Cross-reference Jij 20:31
- Cross-reference Egz 14:15
- Cross-reference Jos 8:8
- Cross-reference Det 20:16-18
- Cross-reference Egz 17:11-12
- Cross-reference Jos 8:2
- Cross-reference Det 21:22-23
- Cross-reference Det 21:22-23
- Cross-reference Det 27:2-8
- Cross-reference Egz 20:25
- Cross-reference Det 27:2-8
- Cross-reference Det 11:29
- Cross-reference Jos 1:8
- Cross-reference Egz 12:36
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.