Bib Sen An
Josué 4
Alò, lè tout nasyon an te fin travèse 1Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di: “Pran pou nou menm 2douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi. Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan 3plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’” Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi, epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo. Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou 4lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’? Alò nou va di yo: ‘Akoz 5dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’” Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan 6plas lojman an e te poze yo la. Epi Josué te poze douz 7wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a. Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse. Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la. 8Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a. Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a. 9Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo. Alò SENYÈ a te di a Josué: “Kòmande prèt ki pote 10lach akò a pou monte kite Jourdain an.” Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.” Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an. Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan 11dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho. Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan 12Guilgal. Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’ Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: 13 ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, 14ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a, pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke 15men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”
Source notes (15)
- Cross-reference Det 27:2
- Cross-reference Jos 3:12
- Cross-reference Jos 4:20
- Cross-reference Egz 12:26
- Cross-reference Jos 3:13
- Cross-reference Jos 4:20
- Cross-reference Jen 28:18
- Cross-reference Nonb 32:17
- Cross-reference Jos 3:7
- Cross-reference Egz 25:16
- Cross-reference Det 1:3
- Cross-reference Jos 4:3-8
- Cross-reference Jos 3:17
- Cross-reference Egz 14:21
- Cross-reference I Wa 8:42; Egz 15:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.