Bib Sen An
Josué 20
Alò, SENYÈ a te pale a Josué e te di: “Pale a fis Israël yo e di: ‘Etabli 1vil azil ke M te pale ou pa Moïse yo, pou moun ki touye nenpòt moun san li pa fè eksprè, san reflechi yo, pou yo kapab sove ale rive la. Yo va vin yon azil kont vanjè san an. Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre 2pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo. Alò, si 3vanjè san an vin kouri dèyè li, yo pa pou livre moun ki touye moun nan nan men yo, akoz li te frape vwazen li an san reflechi e li pa t rayi li avan lè. Li va rete nan vil sa a 4jiskaske li kanpe devan asanble a pou jijman, jiska lanmò a wo prèt la nan jou epòk sa a. Epi moun ki te touye moun nan va retounen nan pwòp vil pa li ak pwòp kay pa li, nan vil sila li te sove ale a.’”
Konsa, yo te mete akote 5Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a. Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a. Sila yo se te 6vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a.
Source notes (6)
- Cross-reference Nonb 35:6-34
- Cross-reference Rt 4:1
- Cross-reference Nonb 35:12
- Cross-reference Nonb 35:12
- Cross-reference Jos 21:32
- Cross-reference Nonb 35:13
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.