Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Josué 16

Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan 1dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel. Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth. Li te kouri desann vè lwès nan tèritwa a Jafletyen yo, jis rive nan tèritwa pati 2Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè. 3

Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo. Men tèritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te 4Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon. Epi lizyè a te vire nan lwès nan 5Micmethath nan nò; epi lizyè a te vire vè lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach. Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a 6Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an. Soti nan 7Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo, avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo. Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Jos 8:15
  2. Cross-reference Jos 18:13
  3. Cross-reference Jos 17:4
  4. Cross-reference Jos 18:13
  5. Cross-reference Jos 17:7
  6. Cross-reference I Kwo 7:27
  7. Cross-reference Jos 17:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.