Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Josué 14

Alò, sila yo se tèritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke 1Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo, selon tiraj 2osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a. Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men 3li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo. Paske fis Joseph yo te de tribi, 4Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk tèren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo. Konsa, fis Israël yo te fè 5jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Yo te divize tèren an.

Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak 6Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa. Mwen te gen karantan lè 7Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a. Mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan. Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men 8Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.” Konsa, Moïse te sèmante nan jou sa a, e li te di: “Vrèman 9peyi a sila pye ou te foule a va vin yon eritaj pou ou menm ak pitit ou yo pou tout tan, akoz ou te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”

“Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane. 10Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti. Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke 11Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”

Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a kon eritaj li. Paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt. Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen an, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt. Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo.

Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Nonb 34:16-29
  2. Cross-reference Nonb 26:55
  3. Cross-reference Jos 13:14
  4. Cross-reference Jen 41:5-11
  5. Cross-reference Nonb 35:11
  6. Cross-reference Nonb 13:6-30
  7. Cross-reference Nonb 13:1-31
  8. Cross-reference Nonb 14:24
  9. Cross-reference Det 1:36
  10. Cross-reference Det 34:7
  11. Cross-reference Nonb 13:33

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.