Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Josué 11

Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa 1Hatsor a, te tande koze a, li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph, ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan 2Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès, vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye 3Mòn Hermon nan peyi Mitspa a. Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, 4fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.

Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.

Alò, SENYÈ a te di a Jousé: 5 “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va 6koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”

Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou atake yo. SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak 7Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo. Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te 8koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife.

Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire 9Hatsor e frape wa li a avèk nepe. Paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo. 10Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Yo te detwi yo nèt. Pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife.

Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, 11jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a. Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile. 12Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo. Men yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire.

Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Konsa, Josué te pran tout tèritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen an, ba plèn nan, 13Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li, soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Konsa, li te kaptire 14tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò.

Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo. Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke 15Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo. 16Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe 17Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo. Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan 18Gath ak nan Asdod kèk te rete.

Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi 19Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.

Source notes (19)
  1. Cross-reference Jos 11:10
  2. Cross-reference Jos 12:3
  3. Cross-reference Jos 11:17
  4. Cross-reference Jij 7:12
  5. Cross-reference Jos 10:8
  6. Cross-reference II Sam 8:4
  7. Cross-reference Jos 13:6
  8. Cross-reference Jos 11:6
  9. Cross-reference Jos 11:1
  10. Cross-reference Det 20:16
  11. Cross-reference Nonb 33:50-52
  12. Cross-reference Nonb 31:11-12
  13. Cross-reference Jos 11:2
  14. Cross-reference Det 7:24
  15. Cross-reference Jos 9:3-7
  16. Cross-reference Egz 14:7
  17. Cross-reference Nonb 13:13
  18. Cross-reference I Sam 17:4
  19. Cross-reference Det 1:38

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.