Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jonas 2

Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi 1nan vant pwason an. Li te di:

“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,

e Li te reponn mwen.

Mwen te kriye pou sekou

depi nan pwofondè 2sejou mò yo.

Ou te tande vwa mwen.

Ou te 3jete mwen nan gwo pwofondè a,

nan kè lanmè yo,

e gwo kouran dlo a te vale mwen.

Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè

ou yo te pase sou mwen.

Konsa, mwen te di: ‘Mwen te 4vin chase lwen fas ou.

Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’ 5

Dlo te antoure mwen

jiskaske m rive nan pwen lanmò.

Gwo 6pwofondè a te vale mwen;

zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.

Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.

Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,

men Ou te 7leve lavi m monte soti nan fòs la,

O SENYÈ Bondye mwen an!

“Pandan mwen t ap 8vin endispoze nèt,

Mwen te 9sonje SENYÈ a

e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.

Sila ki 10konsidere zidòl san valè yo

abandone tout sous mizerikòd,

Men mwen va fè sakrifis a Ou menm

ak vwa aksyon de gras la.

Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va 11akonpli. 12

Sali a sòti nan SENYÈ a.”

Epi SENYÈ a te kòmande 13pwason an

e li te vomi Jonas sou tè sèch la.

Source notes (13)
  1. Cross-reference Job 13:15
  2. Cross-reference Sòm 18:5,6
  3. Cross-reference Sòm 69:1,2,14,15
  4. Cross-reference Sòm 31:22
  5. Cross-reference Lam 3:54
  6. Cross-reference Sòm 69:1-2
  7. Cross-reference Job 33:28
  8. Cross-reference Sòm 142:3
  9. Cross-reference Sòm 77:10,11
  10. Cross-reference II Wa 17:15
  11. Cross-reference Job 22:27
  12. Cross-reference Sòm 3:8
  13. Cross-reference Jon 1:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.