Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jonas 1

Pawòl SENYÈ a te vini a 1Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske 2mechanste yo monte devan Mwen.”

Men Jonas te leve al kache3Tarsis pou evite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann 4Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l evite prezans SENYÈ a.

Men 5SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt. Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a 6pwòp dye pa yo. Yo te 7vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi. Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve 8rele dye pa ou a. Petèt 9dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”

Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e 10sò a te tonbe sou Jonas. Konsa yo te di li: 11“Pale nou koulye a! Sou kont a kilès malè sa a rive nou an? Ki metye ou? Epi ki kote ou sòti? Ki peyi ou? Nan ki pèp ou sòti?”

Li te di yo: “Mwen se yon 12Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.” Pou sa a, mesye yo te vin pè anpil e yo te di li: “Kisa ou te fè la?” Paske mesye yo te deja konprann ke li 13t ap sove ale sòti kite prezans a SENYÈ a, akoz sa li te di yo. Konsa, yo te di l: “Kisa pou nou ta fè ou pou lanmè a vin kalm pou nou?” Paske lanmè a t ap vin pi move plis toujou.

Li te di yo: “Leve mwen, jete m nan lanmè a. Konsa, lanmè va vin kalm pou nou; paske mwen konnen ke se 14akoz mwen menm ke gwo tanpèt sa a rive sou nou.”

Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè a te vin pi move kont yo. Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske 15Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.” Konsa, yo te leve Jonas, yo te voye li nan lanmè a, e lanmè a 16te vin sispann anraje. Epi mesye yo te vin krent SENYÈ a anpil. Yo te ofri yon sakrifis a SENYÈ a e te fè 17ve yo a Li menm.

Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan 18vant pwason an pandan twa jou ak twa nwit.

Source notes (18)
  1. Cross-reference II Wa 14:25
  2. Cross-reference Jen 18:20
  3. Cross-reference És 23:1,6,10
  4. Cross-reference Jos 19:46
  5. Cross-reference Sòm 107:23-28
  6. Cross-reference I Wa 18:26
  7. Cross-reference Trav 27:18,19,38
  8. Cross-reference Sòm 107:28
  9. Cross-reference II Sam 12:22
  10. Cross-reference Nonb 32:23
  11. Cross-reference Jos 7:19
  12. Cross-reference Jen 14:13
  13. Cross-reference Job 27:22
  14. Cross-reference II Sam 24:17
  15. Cross-reference Sòm 115:3
  16. Cross-reference Sòm 65:7
  17. Cross-reference Sòm 50:14
  18. Cross-reference Mat 12:40

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.