Bib Sen An
Jonas 3
Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: “Leve ale 1Ninive, gwo vil la e 2pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te 3tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l. Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te 4kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”
Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon 5jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.6 Li te pibliye yon 7pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab 8vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te 10vire kite chemen mechan yo a, alò 11Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.
Source notes (11)
- Cross-reference So 2:13
- Cross-reference Jr 1:17
- Cross-reference Jon 1:2
- Cross-reference Mat 12:41
- Cross-reference Dan 9:3
- Cross-reference Est 4:1-4
- Cross-reference II Kwo 20:3
- Cross-reference És 1:16-19
- Cross-reference II Sam 12:22
- Cross-reference I Wa 21:27-29
- Cross-reference Egz 32:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.