Bib Sen An
Jean 7
Apre bagay sa yo, Jésus 1t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo 2t ap chache pou touye L.
Koulye a, fèt a Jwif yo, 3Fèt Tonèl yo, t ap pwoche. 4Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo. Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout mond lan.” Paske menm 5frè Li yo pa t kwè nan Li.
Pou sa, Jésus te di yo: 6“Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon. 7
“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke 8zèv li yo mechan.
“Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske 9lè Mwen poko fin acheve.” Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.
Men lè 10frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.
Konsa, Jwif yo 11t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”
Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. 12Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.” Malgre sa, pèsòn pa t pale ouvètman konsènan Li, paske 13yo te pè Jwif yo.
Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse 14ansegne.
Pou sa, 15Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: 16“Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan. 17
“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. Sila ki pale pou kont li 18chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li. 19
“Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap 20chache touye M?”
Foul la te reponn Li: 21“Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”
Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè 22yon sèl zèv, e nou tout etone.
“Sou kont sila a, 23Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan 24papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 25Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
“Pa 26jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a? Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. 27Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La? Men 28nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”
Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. 29Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an. Mwen konnen Li paske Mwen 30 sòti nan Li, e 31 Li te voye M.”
E yo 32t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.
Men 33anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis 34sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”
Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye 35ofisye yo pou sezi Li.
Pou sa, Jésus te di: 36“Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan. 37Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”
Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale 38nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo? Kisa li t ap di la a: 39‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”
Nan 40dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! Sila ki kwè nan Mwen, 41tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’” Men sa, Li te pale 42konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se 43pwofèt la.”
Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: 44“Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée! Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti 45nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”
Konsa, te gen yon 46divizyon nan foul la akoz Li. 47Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.
Konsa, 48ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: “Poukisa nou pa t mennen Li?”
Ofisye yo te reponn: 49“Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”
Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: 50“Èske Li gen tan egare nou menm tou? Èske gen pami 51gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li? Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon.” 52
Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo: 53“Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
Yo te reponn li e te di: 54“Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzamine Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.” E tout moun ale lakay yo.
Source notes (54)
- Cross-reference Jn 4:3
- Cross-reference Jn 5:18
- Cross-reference Lev 23:34
- Cross-reference Mat 12:46
- Cross-reference Mat 12:46
- Cross-reference Mat 26:18
- Cross-reference Jn 15:18
- Cross-reference Jn 3:19
- Cross-reference Jn 7:6
- Cross-reference Mat 12:46
- Cross-reference Jn 11:56
- Cross-reference Jn 7:40-43
- Cross-reference Jn 9:22
- Cross-reference Mat 26:55
- Cross-reference Jn 1:19
- Cross-reference Jn 3:11
- Cross-reference Sòm 25:9-14
- Cross-reference Jn 5:41
- Cross-reference Jn 1:17
- Cross-reference Mc 11:18
- Cross-reference Mat 11:8
- Cross-reference Jn 5:2-16
- Cross-reference Lev 12:3
- Cross-reference Jen 17:1
- Cross-reference Mat 12:2
- Cross-reference Lev 19:15
- Cross-reference Luc 23:13
- Cross-reference Jn 6:42
- Cross-reference Jn 8:42
- Cross-reference Jn 6:46
- Cross-reference Jn 3:17
- Cross-reference Mat 21:46
- Cross-reference Jn 2:23
- Cross-reference Jn 2:11
- Cross-reference Mat 26:58
- Cross-reference Jn 12:35
- Cross-reference Jn 7:36
- Cross-reference Sòm 147:2
- Cross-reference Jn 7:34
- Cross-reference Lev 23:36
- Cross-reference És 44:3
- Cross-reference Jl 2:28
- Cross-reference Mat 21:11
- Cross-reference Jn 1:46
- Cross-reference Sòm 89:4
- Cross-reference Jn 9:16
- Cross-reference Jn 7:30
- Cross-reference Jn 7:32
- Cross-reference Mat 7:28
- Cross-reference Jn 7:12
- Cross-reference Luc 23:13
- Cross-reference Jn 3:1
- Cross-reference Egz 23:1
- Cross-reference Jn 1:46
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.