Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 21

Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote 1Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.

Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e 2fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.

Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.”

Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e 3nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.

Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo 4pa t konnen ke se te Jésus.

Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, 5èske nou pa gen kèk grenn pwason?”

Yo te reponn Li: “Non”.

E Li te di yo 6“Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”

Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo. 7

Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”

Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.

Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. E lè yo te desann atè, yo te wè yon 8dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.

Jésus te di yo: “Pote kèk nan 9pwason ke nou fenk kenbe yo.”

Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkann-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.

Jésus te di yo: “Vin pran 10ti dejene.”

Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.

Jésus te vini. Li te pran 11pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.

Sa koulye a se 12twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.

Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, 13èske ou renmen M plis ke sa yo?”

Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

Li te di li: 14“Fè bèje mouton Mwen yo.”

Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

E li te di Li: “Senyè, 15Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”

Sila Li te di pou montre pa 16ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”

Pierre te vire gade pa dèyè e te wè 17disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te 18apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”

Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”

Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, 19swiv Mwen!”

Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete 20jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”

Sa se disip ki 21fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.

Epi genyen osi 22anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tout lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Jn 6:1
  2. Cross-reference Mat 4:21
  3. Cross-reference Luc 5:5
  4. Cross-reference Luc 24:16
  5. Cross-reference Luc 24:41
  6. Cross-reference Luc 5:4
  7. Cross-reference Jn 13:23
  8. Cross-reference Jn 18:18
  9. Cross-reference Jn 6:9-11
  10. Cross-reference Jn 21:15
  11. Cross-reference Jn 21:9
  12. Cross-reference Jn 20:19-26
  13. Cross-reference Mat 26:33
  14. Cross-reference Mat 2:6
  15. Cross-reference Jn 16:30
  16. Cross-reference II Pi 1:14
  17. Cross-reference Jn 21:7
  18. Cross-reference Jn 13:25
  19. Cross-reference Mat 8:22
  20. Cross-reference Mat 16:27
  21. Cross-reference Jn 15:27
  22. Cross-reference Jn 20:30

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.