Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 20

1

Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan. E li te kouri vini kote Simon Pierre ak 2lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: 3“Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.” 4

Konsa, Pierre te soti ak lòt disip la, pou yo ale nan tonm nan.

Yo toulède t ap kouri ansanm. E lòt disip la te kouri vit pase Pierre, e li te rive nan tonm nan avan. Lè l bese gade ladann, li te wè 5twal lèn yo atè a, men li pa t antre.

Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a, men 6twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.

Lòt disip la 7ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè. Paske jiska moman sa a, 8yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.

Konsa, disip yo te kite la 9pou retounen nan pwòp kay pa yo. 10

Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan. E li te wè 11de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.

Yo te di li: 12“Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz 13yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.” Lè li te fin di sa, li te vire, e 14te wè Jésus te kanpe la, men li 15pa t konnen ke se te Jésus.

Jésus te di li 16“Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”

Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: 17“Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”

Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote 18 frè M yo e di yo ke ‘Mwen 19monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”

Marie 20Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.

Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: 21“Lapè avèk nou.” E lè Li te di sa, 22Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.

Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. 23Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”

E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an. 24

“Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”

Men 25Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo 26nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”

Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: 27“Lapè avèk nou!”

Alò Li te di a Thomas 28“Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”

Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”

Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? 29Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.” 30

Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan 31kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.

Source notes (31)
  1. Cross-reference Mat 28:1-8
  2. Cross-reference Jn 13:23
  3. Cross-reference Jn 20:13
  4. Cross-reference Luc 24:12
  5. Cross-reference Jn 19:40
  6. Cross-reference Jn 11:44
  7. Cross-reference Jn 20:4
  8. Cross-reference Mat 22:29
  9. Cross-reference Luc 24:12
  10. Cross-reference Mc 16:5
  11. Cross-reference Mat 28:2
  12. Cross-reference Jn 20:15
  13. Cross-reference Jn 20:2
  14. Cross-reference Mat 28:9
  15. Cross-reference Jn 21:4
  16. Cross-reference Jn 20:13
  17. Cross-reference Mc 10:51
  18. Cross-reference Mat 28:10
  19. Cross-reference Jn 7:33
  20. Cross-reference Luc 24:10-23
  21. Cross-reference Luc 24:36
  22. Cross-reference Luc 24:39-40
  23. Cross-reference Jn 17:18
  24. Cross-reference Mat 16:19
  25. Cross-reference Jn 11:16
  26. Cross-reference Jn 20:20
  27. Cross-reference Luc 24:36
  28. Cross-reference Luc 24:40
  29. Cross-reference I Pi 1:8
  30. Cross-reference Jn 21:25
  31. Cross-reference Jn 3:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.