Bib Sen An
Travay 1
Premye istwa ke m te ekri a, chè 1Théophile, sou tout bagay ke Jésus te 2kòmanse fè ak enstwi yo, jis rive jou lè Li te monte nan syèl la 3apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo. A sila yo osi 4Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.
Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: 5“Pa kite Jérusalem, men tann 6sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an 7pa a anpil jou de kounye a.”
Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè 8èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke 9Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. Men Nou va resevwa pouvwa lè 10Lespri Sen an vini sou nou. Nou va 11temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
Lè Li te fin di bagay sa yo 12Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala 13de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va 14vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.
Alò, yo te 15retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba. Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan 16chanm anlè kote yo t ap rete a; 17sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la. Sa yo avèk yon sèl panse yo 18t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas 19ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan 20èv sila a.
“Alò mesye sila te vin 21achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti. Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke 22nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
“Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: 23
‘Kite kote li rete a vin devaste;
e pa kite pèsòn rete ladan l’; 24
‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’. 25
“Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke 26Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo, kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlve soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”
Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak 27Matthias. Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè 28ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a, pou okipe èv 29apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”
Yo te 30fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.
Source notes (30)
- Cross-reference Luc 1:3
- Cross-reference Luc 3:23
- Cross-reference Mat 28:19
- Cross-reference Mat 28:17
- Cross-reference Luc 24:49
- Cross-reference Jn 14:24
- Cross-reference Trav 2:1-4
- Cross-reference Mat 17:11
- Cross-reference Mat 24:36
- Cross-reference Trav 2:1-4
- Cross-reference Luc 24:48
- Cross-reference Luc 24:50,51
- Cross-reference Luc 24:4
- Cross-reference Mat 16:27
- Cross-reference Luc 24:52
- Cross-reference Mc 14:15
- Cross-reference Mat 10:2-4
- Cross-reference Trav 2:42
- Cross-reference Mat 26:47
- Cross-reference Trav 1:25
- Cross-reference Mat 27:3-10
- Cross-reference Mat 27:8
- Cross-reference Sòm 69:25
- Cross-reference Sòm 109:8
- Cross-reference Sòm 109:8
- Cross-reference Luc 24:3
- Cross-reference Trav 1:26
- Cross-reference Mat 3:16
- Cross-reference Wo 1:5
- Cross-reference Lev 16:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.