Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 40

Anplis, SENYÈ a te di a Job:

“Èske li k ap jwenn fot va 1fè kont ak Tou Pwisan an?

Kite sila ki repwoche Bondye reponn sa.”

Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:

“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?

Mwen 2poze men m sou bouch mwen.

Yon fwa mwen te pale e 3mwen pa p replike l;

menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”

Konsa, 4SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:

Alò, mare senti ou kon gason;

Mwen va 5mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.

Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?

Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?

Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,

ak yon vwa ki ka 6gwonde tankou pa L la? 7

Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.

Mete sou ou lonè ak laglwa.

Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap 8debòde nan ou.

Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.

Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e 9fè yo bese, vin ba.

Foule mechan yo nèt kote yo kanpe. 10

Kache yo ansanm nan pousyè a.

Mare figi yo nan plas kache a.

Epi konsa M ap konfese a ou menm

ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.

Gade byen Beyemòt la 11ke M te fè

menm tankou Mwen te fè w la;

Li manje zèb tankou bèf.

Gade koulye a, fòs li nan ren li,

e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.

Li koube ke li tankou yon sèd;

venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.

Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;

janm li tankou ba fè.

Li se 12premye nan chemen Bondye a;

fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.

Anverite, mòn yo 13mennen bay li manje

kote tout bèt sovaj latè yo jwe.

Anba zèb dlo, li kouche;

nan kouvèti wozo a ak marekaj la.

Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;

bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.

Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;

li gen konfyans malgre 14Jourdain an rive jis nan bouch li.

Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;

menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

Source notes (14)
  1. Cross-reference És 45:9
  2. Cross-reference Job 21:5
  3. Cross-reference Job 9:3-15
  4. Cross-reference Job 38:1
  5. Cross-reference Job 38:3
  6. Cross-reference Job 37:5
  7. Cross-reference Sòm 93:1
  8. Cross-reference És 42:25
  9. Cross-reference I Sam 2:7
  10. Cross-reference És 2:10-12
  11. Cross-reference Job 40:19
  12. Cross-reference Job 41:33
  13. Cross-reference Sòm 104:14
  14. Cross-reference Jen 13:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.