Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 42

Epi tout gran chèf lame yo, 1Jochanan, fis a Karéach la, Jezania, fis Hosée a, ak tout pèp la, ni piti, ni gran, te pwoche. Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman 2kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an, pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de 3chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”

Jérémie, pwofèt la, te di yo: “Mwen te tande. Gade byen, mwen va priye a SENYÈ a, Bondye nou an, an akò ak tout pawòl nou yo, epi mwen va di nou tout mesaj avèk sila SENYÈ a va reponn nou yo. Mwen p ap kenbe dèyè menm yon mo pou nou.”

Epi yo te di a Jérémie: “Ke 4SENYÈ a kapab yon vre fidèl temwen kont nou si nou pa aji selon tout mesaj ke SENYÈ a, Bondye ou a, va voye pou nou. Kit li dous, kit li pa dous, nou va 5koute vwa SENYÈ a sou sila nou ap voye ou a, pou sa kapab ale byen pou nou lè nou koute vwa SENYÈ a, Bondye nou an.”

Alò, lè 6sèt jou fin ekoule, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie. Konsa, li te rele Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame ki te avè l yo ak tout pèp la, ni piti, ni gran. Epi li te di yo: “Konsa 7pale SENYÈ a, Bondye Israël la, a Sila nou te voye mwen pou prezante sa nou t ap mande devan L lan: ‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va 8ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an. Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske 9Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l. Anplis, Mwen va montre nou konpasyon, 10pou l ta genyen konpasyon anvè nou e restore nou sou pwòp tè pa nou.

“‘Men si nou ap di: 11“Nou p ap rete nan peyi sa a,” pou nou pa ta koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, epi di: “Non, men nou va ale 12nan peyi Égypte, kote nou p ap tande afè lagè, ni son a twonpèt, ni grangou pou pen, e se la nou va rete;”’ alò, nan ka sa a, koute pawòl SENYÈ a, O retay a Juda yo. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Si nou, anverite, fikse vizaj nou pou antre an 13Égypte e pou antre nan rezidans lan, alò, 14nepe ke nou vrèman krent lan va rive pran nou nan peyi Égypte la, epi grangou ke nou krent anpil la, va swiv nou de prè an Égypte, e la nou va mouri. Konsa, tout mesye ki fikse panse yo pou rive la an Égypte, pou fè rezidans yo la, va mouri pa nepe, pa grangou, ak gwo epidemi. Yo 15p ap gen retay, ni ki chape sou gwo malè ke Mwen va fè vini sou yo a.’ Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon 16madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’

“SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa 17ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa. Paske nou 18twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.” Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou 19pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo. Akoz sa, nou ta koulye a dwe konprann ke nou va 20mouri pa nepe, pa grangou e pa gwo epidemi, nan plas kote nou vle ale rezide a.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Jr 40:8-13
  2. Cross-reference Lev 26:22
  3. Cross-reference Sòm 86:11
  4. Cross-reference Jen 31:50
  5. Cross-reference Egz 24:7
  6. Cross-reference Sòm 27:14
  7. Cross-reference II Wa 19:4
  8. Cross-reference Jr 24:6
  9. Cross-reference Nonb 14:9
  10. Cross-reference Né 1:11
  11. Cross-reference Egz 5:2
  12. Cross-reference És 31:1
  13. Cross-reference Det 17:16
  14. Cross-reference Jr 44:13-27
  15. Cross-reference Jr 44:14-28
  16. Cross-reference Det 29:21
  17. Cross-reference Det 17:16
  18. Cross-reference Jr 43:2
  19. Cross-reference Jr 43:4
  20. Cross-reference Os 9:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.