Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 40

Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak 1chenn pami tout egzile a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo. Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: 2“SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a; epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te 3peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou. Men koulye a, gade byen, mwen ap 4libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.” Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te 5apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.”

Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale. Konsa, Jérémie te ale 6Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.

Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te 7pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo. Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, 8Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo. Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te 9sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pè sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou. Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka 10kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase diven an, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”

Menm jan an osi, tout Jwif ki te 11Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziye sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an. Epi tout Jwif yo te 12 retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.

Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa. Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis 13Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?”

Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.

Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: 14“Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”

Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: 15“Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”

Source notes (15)
  1. Cross-reference Trav 12:6-7
  2. Cross-reference Lev 26:14-38
  3. Cross-reference Jr 50:7
  4. Cross-reference Jr 39:11-12
  5. Cross-reference II Wa 25:23
  6. Cross-reference Jij 20:1
  7. Cross-reference Jr 39:10
  8. Cross-reference II Sam 23:28-29
  9. Cross-reference I Sam 20:16-17
  10. Cross-reference Det 1:38
  11. Cross-reference Nonb 22:1
  12. Cross-reference Jr 43:5
  13. Cross-reference I Sam 11:1-3
  14. Cross-reference I Sam 26:8
  15. Cross-reference Mat 10:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.