Bib Sen An
Ésaïe 9
Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete 1peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plen glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo. 2
Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;
sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,
limyè va fonse briye sou yo; 3
Ou te fè pèp la grandi anpil;
Ou ogmante kè kontan yo.
Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a 4sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. Paske tout pwotèj gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi 5gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 6 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob
e li tonbe sou Israël.
Tout pèp la va konnen sa; 7
Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo,
k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo: 8
“Brik yo fin tonbe,
men nou va rebati ak wòch taye;
bwa sikomò yo fin koupe,
men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo
advèsè ki sòti 9 Retsin yo
e chofe ènmi yo,
Siryen lès yo ak 10 Filisten lwès yo;
epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri.
Malgre sa, kòlè Li p ap detounen
e men L va toujou lonje.
Sepandan, pèp la 11p ap vire retounen
kote Sila ki te frape yo a,
ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni 12 tèt ni ke sou Israël,
ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
Tèt la se 13 ansyen ki byen respekte a
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo,
ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo;
paske yo tout se malfektè ki san Bondye
e 14bouch yo tout ap pale nan foli.
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen,
e men L toujou lonje. 15
Paske mechanste brile tankou dife;
li manje ni pikan ni raje.
Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm
e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a,
e se pèp la ki se lwil pou dife a. 16
Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou;
yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè.
Yo chak manje 17 chè pwòp bra yo.
Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé
e ansanm, yo kont Juda. 18
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen
e men Li toujou lonje.
Source notes (18)
- Cross-reference Mat 4:15-16
- Cross-reference Mat 4:16
- Cross-reference És 26:15
- Cross-reference És 14:4
- Cross-reference Mat 28:18
- Cross-reference Dan 2:44
- Cross-reference És 7:8-9
- Cross-reference Mal 1:4
- Cross-reference És 7:1-8
- Cross-reference II Kwo 28:18
- Cross-reference Jr 5:3
- Cross-reference És 19:15
- Cross-reference És 3:2-3
- Cross-reference Mat 12:34
- Cross-reference Sòm 83:14
- Cross-reference Mi 7:2-6
- Cross-reference És 49:26
- Cross-reference És 5:25
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.