Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 35

Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale 1Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou 2lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”

Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout 3dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou. Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, 4ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te 5avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.” Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan. Pandan yo t ap vwayaje, yon 6gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.

Alò, Jacob te vini 7Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo. 8Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.

Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).

Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te 9beni li. 10Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.

Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. 11Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon 12gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou. 13Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.” Konsa, 14Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.

Jacob te etabli yon 15pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li. Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a 16Béthel. Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive 17Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil. Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske 18ou va gen yon lòt gason.”

Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin. 19

Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem). Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se 20pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.

Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen 21tou Migdal-Éder a. Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, 22Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob— 23fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon, 24fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin; 25fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali; 26fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.

Jacob te vini vè papa li, Isaac nan 27Mamré pou 28Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.

Alò, jou Isaac yo te 29san-katre-ven ane. Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te 30rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.

Source notes (30)
  1. Cross-reference Jen 28:19
  2. Cross-reference Jen 27:43
  3. Cross-reference Jen 31:19-34
  4. Cross-reference Sòm 107:6
  5. Cross-reference Jen 28:15
  6. Cross-reference Egz 15:16
  7. Cross-reference Jen 28:19
  8. Cross-reference Jen 35:3
  9. Cross-reference Jen 32:29
  10. Cross-reference Jen 17:5
  11. Cross-reference Jen 9:1-7
  12. Cross-reference Jen 48:4
  13. Cross-reference Jen 12:7
  14. Cross-reference Jen 17:22
  15. Cross-reference Jen 28:18-19
  16. Cross-reference Jen 28:19
  17. Cross-reference Jen 35:19
  18. Cross-reference Jen 30:24
  19. Cross-reference Jen 48:7
  20. Cross-reference I Sam 12:2
  21. Cross-reference Mi 4:8
  22. Cross-reference Jen 49:4
  23. Cross-reference Jen 49:4
  24. Cross-reference Jen 30:22-24
  25. Cross-reference Jen 30:5-8
  26. Cross-reference Jen 30:10-13
  27. Cross-reference Jen 13:18
  28. Cross-reference Jos 14:15
  29. Cross-reference Jen 25:26
  30. Cross-reference Jen 25:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.