Bib Sen An
Jenèz 31
Alò, Jacob te tande pawòl fis Laban yo ki te vin di: “Jacob te retire tout sa ki te pou papa nou, e avèk sa ki te pou papa nou, li te fè tout richès li.” Jacob te wè konpòtman Laban, e gade byen, li pa t emab anvè li jan li te ye avan an.
Epi SENYÈ a te di a Jacob: “Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e 1mwen va avèk ou.”
Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an. Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men 2Bondye a papa m nan te avèk mwen. 3Nou konnen ke mwen te sèvi papa nou avèk tout fòs mwen. Malgre sa, papa nou te 4twonpe mwen, e li te 5chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj. Si 6li te pale konsa: ‘Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte. Epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase. Konsa Bondye te 7retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo.
“Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.
“Alò, 8zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’
“Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske 9Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo. Mwen menm se 10Bondye a Béthel la, kote ou te 11 vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”
Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete? Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske 12li gen tan vann nou. Anplis, li te manje tout byen nou ranmase. Vrèman, tout byen ke Bondye te rachte nan men papa nou yo, se pou nou avèk pitit nou ke yo ye. Alò, fè sa ke Bondye te di ou fè a.”
Alò, Jacob te leve. Li te mete pitit li yo avèk madanm li yo sou chamo yo. Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, 13pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.
Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè 14zidòl lakay ki te pou papa li yo. Konsa, Jacob te twonpe Laban, Arameyen an. Li pa t di li ke li t ap sove ale. Li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen, epi li te leve pou travèse lariviyè Euphrate la, ak figi li byen fikse vè peyi mòn 15Galaad yo.
Lè yo te di Laban nan twazyèm jou ke Jacob te sove ale a, li te pran moun fanmi li yo, pou l te kouri dèyè li pandan sèt jou. Konsa, li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo. 16
Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon 17rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo. Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe? Poukisa ou te sove ale an sekrè? Ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap? Ou pa t menm kite m 18bo fis mwen yo, ak fi mwen yo. Alò, ou gen tan fè betiz. Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men 19Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’. Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè 20dye mwen yo?”
Jacob te reponn Laban: “Akoz ke m te pè, paske mwen te panse ke ou ta rachte fi ou yo nan men mwen pa lafòs. 21Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv. Nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo.
Alò, Laban te antre nan tant Jacob la, nan tant Léa a, ak nan tant sèvant yo, men li pa t twouve yo. Alò, Rachel te pran zidòl lakay yo. Li te mete yo nan sèl chamo a, e li te chita sou yo. Konsa, Laban te manyen toupatou nan tant lan, men li pa t twouve yo.
Li te di a papa li: “Pa kite mèt mwen an fache avè m, pwiske mwen p ap ka 22leve devan ou, paske se règ mwen ki sou mwen.” Alò, li te chache, men li pa t jwenn 23zidòl kay yo.
Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa? Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a.
“Pandan ventan mwen te la avè w. Mouton ou yo avèk kabrit ou yo pa janm pèdi pitit, ni mwen pa t manje belye nan bann mouton ou yo. Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit. Konsa mwen te ye: Nan lajounen, solèy la te manje m, fredi nan lannwit, e dòmi te vòlè sove ale nan zye mwen. Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. 24Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa. Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. 25Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te 26rann jijman an yèswa.”
Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, 27bann mouton yo se bann mouton mwen. Tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè? Alò, kounye a vin non, annou 28fè yon akò, ou menm avèk mwen menm. Annou fè li kòm yon temwen antre ou menm avèk mwen.”
Konsa, Jacob te pran 29yon gwo wòch. Li te fè l kanpe tankou yon pilye. Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo. Yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la. Alò Laban 30te rele la Jegar-Sahadutha, men Jacob te rele l Galed.
Laban te di: “31Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed, epi osi 32Mitspa, paske li te di: “Ke Bondye kapab gade antre ou menm avèk mwen lè nou vin absan de youn lòt. Si ou maltrete fi mwen yo, oswa si ou pran madanm anplis ke fi mwen yo, malgre pèsòn pa avèk nou, ou wè, 33Bondye se temwen antre ou menm avèk mwen.”
Laban te di a Jacob: “Gade byen gwo pil sa a, e veye byen gwo pilye ke m etabli antre ou menm avèk mwen an. Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal. Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin 34jij antre nou menm.”
Konsa Jacob te sèmante pa 35krent a papa l, Isaac. Alò, Jacob te 36ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.
Granmmaten, 37 Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.
Source notes (37)
- Cross-reference Jen 28:15
- Cross-reference Jen 21:22
- Cross-reference Jen 30:29
- Cross-reference Jen 29:25
- Cross-reference Jen 31:41
- Cross-reference Jen 30:32
- Cross-reference Jen 31:1-6
- Cross-reference Jen 16:7-11
- Cross-reference Egz 3:7
- Cross-reference Jen 28:13-19
- Cross-reference Jen 28:18-20
- Cross-reference Jen 29:20-27
- Cross-reference Jen 35:27
- Cross-reference Jen 31:30-34
- Cross-reference Jen 37:25
- Cross-reference Jen 20:3
- Cross-reference Jen 31:11
- Cross-reference Jen 31:55
- Cross-reference Jen 31:5-53
- Cross-reference Jen 31:19
- Cross-reference Jen 44:9
- Cross-reference Lev 19:32
- Cross-reference Jen 31:19
- Cross-reference Jen 29:27-30
- Cross-reference Egz 3:7
- Cross-reference Jen 31:24-29
- Cross-reference Jen 31:1
- Cross-reference Jen 21:27-32
- Cross-reference Jen 28:18
- Cross-reference Jos 22:34
- Cross-reference Jos 24:27
- Cross-reference Jij 11:29
- Cross-reference Jr 29:23
- Cross-reference Jen 16:5
- Cross-reference Jen 31:42
- Cross-reference Egz 18:12
- Cross-reference Jen 31:28,43
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.