Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 21

1

Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la. 2Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a. Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, 3Isaac. Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen 4laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a. Alò, Abraham te gen 5laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.

Sarah te di: “Bondye te fè m fè 6gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.” Epi li te di: “7kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”

Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.

Alò, Sarah te wè 8fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap 9moke l. Akoz sa, li te di Abraham: “10Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a! Paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.” 11

Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a. Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske 12se nan Isaac desandan ou yo va vin nome. Ak 13fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”

Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.

Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab. Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te 14leve vwa li, e li te kriye.

Bondye te 15tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a. Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, 16paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”

Epi Bondye te 17ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann. 18

Bondye te avèk jènjan an, e li te grandi. Li te viv nan dezè a e li te vin yon achè. 19Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.

Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “20Bondye avèk ou nan tout sa ou fè Pou sa, fè 21 sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”

Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”

Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo 22te sezi a.

Abimélec te reponn: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a. Ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.”

Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, 23yo de a te fè yon akò. Abraham te mete sèt jèn mouton femèl ki sòti nan bann mouton apa pou kont yo. Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?”

Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon 24temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.”

Pou sa, li te rele plas sila a 25Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.

Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.

Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la 26li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la. Epi Abraham te demere 27nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.

Source notes (27)
  1. Cross-reference Jen 17:16-21
  2. Cross-reference Trav 7:8
  3. Cross-reference Jen 17:19-21
  4. Cross-reference Jen 17:12
  5. Cross-reference Jen 17:17
  6. Cross-reference Jen 18:13
  7. Cross-reference Jen 18:11-13
  8. Cross-reference Jen 16:1-15
  9. Cross-reference Gal 4:29
  10. Cross-reference Gal 4:30
  11. Cross-reference Jen 17:18
  12. Cross-reference Wo 9:7
  13. Cross-reference Jen 16:10
  14. Cross-reference Jr 6:26
  15. Cross-reference Egz 3:7
  16. Cross-reference Jen 16:10
  17. Cross-reference Nonb 22:31
  18. Cross-reference Jen 28:15
  19. Cross-reference Jen 25:18
  20. Cross-reference Jen 26:28
  21. Cross-reference Jos 2:12
  22. Cross-reference Jen 26:15-22
  23. Cross-reference Jen 26:31
  24. Cross-reference Jen 31:48
  25. Cross-reference Jen 21:14
  26. Cross-reference Jen 12:8
  27. Cross-reference Jen 22:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.