Bib Sen An
Jenèz 22
Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke 1Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.
Li te di: “Pran koulye a 2fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi 3Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans. Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te 4poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!”
Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.”
Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote 5jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
Alò yo rive nan 6plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te 7poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
Men 8zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!”
Li te reponn: “Men mwen isit la.”
Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay 9fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, 10 va gen pwovizyon.”
Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, e te di: “11Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va 12miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 13Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te 14obeyi vwa Mwen.” 15
Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.
Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, 16Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor: Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.” Bethuel te vin papa 17Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan. Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.
Source notes (17)
- Cross-reference Det 8:2-16
- Cross-reference Jen 22:12
- Cross-reference II Kwo 3:1
- Cross-reference Jn 19:17
- Cross-reference Egz 29:38-42
- Cross-reference Jen 22:2
- Cross-reference Eb 11:17-19
- Cross-reference Jen 16:7-11
- Cross-reference Jen 22:2-16
- Cross-reference Jen 22:8
- Cross-reference Sòm 105:9
- Cross-reference Jr 33:22
- Cross-reference Jen 12:3
- Cross-reference Jen 18:19
- Cross-reference Jen 22:5
- Cross-reference Jen 11:29
- Cross-reference Jen 24:15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.