Bib Sen An
Jenèz 20
Alò Abraham te vwayaje soti la 1vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan 2Guérar. Abraham te di selon Sarah, madanm li: “3Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan 4Guérar a te vin pran Sarah.
Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, 5ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, 6èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? Èske 7li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen 8pa t kite ou touche li. Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske 9se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”
Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz. 10
Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”: Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”
Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen 11lakrent Bondye nan plas sa a, e 12yo va touye mwen akoz madanm mwen. Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen. Lè li te rive ke 13 Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’”
Konsa, 14Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.
Abimélec te di: “15Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”
A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay 16frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout moun, ke ou egzonore.” 17
Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit. 18Paske SENYÈ a te fèmen vant a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.
Source notes (18)
- Cross-reference Jen 18:1
- Cross-reference 26:1-6
- Cross-reference Jen 18:1
- Cross-reference Jen 26:1-2
- Cross-reference Jen 20:7
- Cross-reference Jen 18:23-25
- Cross-reference Jen 20:13
- Cross-reference I Sam 25:26-34
- Cross-reference I Sam 7:5
- Cross-reference Jen 12:11-20
- Cross-reference Né 5:15
- Cross-reference Jen 12:12
- Cross-reference Jen 12:1-9
- Cross-reference Jen 12:16
- Cross-reference Jen 13:9
- Cross-reference Jen 20:5
- Cross-reference Nonb 12:13
- Cross-reference Jen 12:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.