Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 47

Epi li te mennen m retounen nan 1pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la. Li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay nò a, epi te mennen m ozanviwon pa deyò rive nan pòtay eksteryè a, pa chemen pòtay ki bay fas vè lès la. Epi gade byen, dlo t ap koule soti nan kote sid la.

Lè mesye a te sòti deyò vè lès ak yon kòd mezi nan men l, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo a, dlo ki te rive nan cheviy pye l yo. Ankò, li te mezire mil koude e li te mennen m pase nan dlo ki rive jis nan jenou yo. Ankò, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo ki rive nan senti a. Ankò, li te mezire mil koude; epi yon rivyè ke m pa t ka travèse, paske dlo a te vin leve, te gen ase dlo naje ladann, yon 2rivyè ki pa t ka janbe sou pye.

Li te di m: “Fis a lòm, èske ou 3wè sa a?” Konsa, li te mennen m retounen rive arebò rivyè a. Alò, lè m te retounen, gade byen, akote rivyè a, te gen anpil 4pyebwa nan yon kote yo ak nan lòt la. Li te di mwen: “Dlo sila yo sòti nan rejyon lès pou desann rive nan 5dezè a. Depi la, yo kontinye vè lanmè, menm antre nan lanmè. Lanmè a ap soti, e dlo lanmè yo va geri. Li va vin rive ke tout kreyati vivan ki naje tout kote ke rivyè a ale, yo va viv. Konsa, va genyen anpil pwason, paske dlo sa yo ale la e dlo lanmè yo va geri. 6Tout bagay va viv nenpòt kote rivyè a ale. Epi li va vin rive ke 7mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil. Men marekaj li yo ak fòs li yo p ap geri; yo va rete 8sale. Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktyè a, fwi pa yo va pou manje e 9fèy yo va pou gerizon.”

Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon 10lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon. Nou va divize li kon eritaj, chak egal ak lòt; paske Mwen te 11sèmante pou bay li a papa zansèt nou yo, e peyi sa a va tonbe a nou menm kon eritaj.

“Sa se 12lizyè peyi a: nan kote nò, soti nan Gwo Lanmè a, pa chemen Hethlon, jis rive nan antre a Tsedad; 13Hamath, Bérotha, Sibraïm, ki antre lizyè Damas ak lizyè Hamath; Hatzer-Hatthicon, kote lizyè Havran nan. Lizyè a va rive soti nan lanmè a 14Hatsar-Énon nan lizyè Damas e nan rejyon nò, vè nò, se lizyè Hamath la. Sa se fwontyè nan kote nò a.”

“Nan kote 15lès la, soti nan antre Havran, Damas Galaad ak peyi Israël, se va Larivyè Jourdain an; soti nan lizyè nò a jis rive nan lanmè lès la, ou va mezire li. Sa se kote lès la.”

“Nan kote sid la, vè sid li va soti Thamar jis rive nan dlo 16Meriba-Kadès, pou rive nan flèv Égypte la ak nan Gwo Lanmè a. Sa se kote sid la, vè sid.”

“Nan kote 17lwès la, se va Gwo Lanmè a, soti nan lizyè sid la pou rive nan yon pwent anfas Lebo-Hamath. Sa se kote lwès la.”

“Konsa nou va pataje peyi sa pami nou menm selon tribi Israël yo. Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon 18eritaj avèk nou pami tribi Israël yo. Epi nan tribi kote etranje a rete a, se la ou va bay li eritaj li,” deklare Senyè BONDYE a.

Source notes (18)
  1. Cross-reference Éz 41:2
  2. Cross-reference És 11:9
  3. Cross-reference Éz 8:6
  4. Cross-reference És 60:13-21
  5. Cross-reference Det 3:17
  6. Cross-reference És 12:3
  7. Cross-reference Mat 4:19
  8. Cross-reference Det 29:23
  9. Cross-reference Rev 22:2
  10. Cross-reference Nonb 34:2-12
  11. Cross-reference Det 1:8
  12. Cross-reference Nonb 34:7-9
  13. Cross-reference Nonb 13:21
  14. Cross-reference Nonb 34:9
  15. Cross-reference Nonb 34:10-12
  16. Cross-reference Det 32:51
  17. Cross-reference Nonb 34:6
  18. Cross-reference Trav 11:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.