Bib Sen An
Ézéchiel 45
“‘“Anplis, lè ou 1divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo. Sòti nan pòsyon sa a, va gen pou kote sen an, yon pòsyon 2senk-san koude pa senk-san koude, ak yon espas ouvri de senkant koude nan lajè ki antoure li. Soti kote sa a, ou va mezire yon longè venn-senk-mil koude ak yon lajè di-mil koude. Nan li, va gen sanktyè a, kote ki sen pase tout kote a. Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktyè a. Yon kote 3venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè va pou Levit yo, sèvitè kay yo ak posesyon pa yo, vil pou yo rete ladann.
“‘“Ou va bay 4vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”
“‘“Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an, ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a, pou rive nan lizyè lès la. Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap 5oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike 6lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a. “Ou va gen balans ki 7peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis. Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm 8omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle. 9Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”
“‘“Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj; Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat). Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon 10ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a. 11“Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la. Se va devwa 12prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo 13san defo pou netwaye sanktyè a. Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan 14kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan. Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki 15vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.
“‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè 16Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje. Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon 17towo pou yon ofrann peche. Pandan 18sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche. Li va founi kon yon 19ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, e yon mezi lwil ak yon efa.”
“‘“Nan 20setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”
Source notes (20)
- Cross-reference Nonb 34:13
- Cross-reference Éz 42:20
- Cross-reference Éz 48:13
- Cross-reference Éz 48:15-18
- Cross-reference És 11:3-5
- Cross-reference Jr 22:3
- Cross-reference Lev 19:36
- Cross-reference És 5:10
- Cross-reference Egz 30:13
- Cross-reference Éz 45:17
- Cross-reference Egz 30:14-15
- Cross-reference Éz 46:4-12
- Cross-reference Lev 22:20
- Cross-reference Lev 16:18-20
- Cross-reference Lev 4:27
- Cross-reference Egz 12:1-24
- Cross-reference Lev 4:14
- Cross-reference Lev 23:8
- Cross-reference Nonb 28:12-15
- Cross-reference Lev 23:33-43
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.