Bib Sen An
Ézéchiel 43
Nan lè sa a, li te mennen m nan 1pòtay la; pòtay ki gen fas li vè lès la; Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li. Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou 2detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m. Konsa, glwa SENYÈ a te vini nan kay la pa chemen pòtay ki te gen fas li vè 3lès la. Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
Nan lè sa a, mwen te tande yon moun ki t ap pale ak mwen soti nan kay la, pandan yon 4nonm te kanpe akote mwen. Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou 5twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri, lè yo te mete papòt pa yo akote papòt pa Mwen, poto pòt pa yo akote poto pòt pa Mwen. Te gen yon miray ki te antre Mwen ak yo. Epi yo te 6souye non sen Mwen an ak abominasyon ke yo te komèt yo. Pou sa, Mwen te konsonmen yo nan gwo kòlè Mwen. Koulye a, kite yo 7mete akote zak pwostitisyon yo ak kadav a wa yo byen lwen Mwen. Konsa, Mwen va demere pami yo jis pou tout tan.”
“Pou ou menm, fis a lòm, 8bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an. Si yo vin wont de tout sa ke yo te fè yo, fè yo konnen dizay kay la, fòm li, antre ak sòti li yo, dizay li, tout règleman ak tout lwa li yo. Ekri li 9devan zye yo pou yo ka wè tout dizay ak tout règleman li yo pou fè yo.
“Sa se lwa kay la: tout espas toutozanviwon anwo 10mòn nan va sen pase tout kote. Gade byen, sa se lwa kay la.”
“Epi sa yo se mezi lotèl la an koude 11(koude ki se yon koude plis mezi yon pla men): baz la va yon koude, lajè a va yon koude e arebò sou akote a va anviwon yon anpan; epi sa va wotè a baz lotèl la. Soti nan baz atè a pou rive 12piba ankadreman an, li va de koude, e lajè a va yon koude; epi soti nan pi piti ankadreman an pou rive nan pi gran ankadreman an, li va kat koude e lajè a va yon koude. Fou chofaj lotèl la va kat koude; epi soti nan fou chofaj la, kat kòn yo va monte anwo a. Alò, fou lotèl la va longè a douz koude pa douz nan lajè, 13ak kare nan kat kote li yo. Ankadreman an va katòz koude nan longè, katòz nan lajè nan kat kote li yo, arebò li va mwatye koude a e baz li va yon koude toutozanviwon li; epi 14eskalye li yo va bay fas vè lès.”
Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sila yo se règleman pou lotèl la nan jou ke li bati a, pou ofri 15ofrann brile sou li e pou flite san sou li. ‘Ou va bay a prèt Levit ki sòti nan fanmi 16Tsadok yo, ki rapwoche de Mwen pou fè sèvis Mwen yo,’ deklare Senyè BONDYE a, ‘yon jenn towo pou yon ofrann peche. ‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat 17kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li. Ou va, anplis, pran towo pou ofrann peche a, e li va vin 18brile nan kote ki chwazi nan kay la deyò sanktyè a.
“‘Nan dezyèm jou a, ou va ofri yon mal kabrit san defo kon ofrann peche, e yo va 19netwaye lotèl la jan yo te netwaye li ak towo a. Lè ou fin netwaye li, ou va prezante yon 20jenn towo san defo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an. Ou va prezante yo devan SENYÈ a; prèt yo va jete 21sèl sou yo e yo va ofri yo kon ofrann brile a SENYÈ a. 22
“‘Pandan sèt jou, ou va prepare chak jou yon kabrit kon ofrann peche; anplis, yon jenn towo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an, va vin prepare. Pandan sèt jou, yo va fè ekspiyasyon pou lotèl la e fè l vin pwòp; se konsa yo va konsakre li. Lè yo fin konplete nonb de jou yo, li va rive ke nan 23uityèm jou a e kontinye, prèt yo va ofri ofrann brile pa nou an sou lotèl la ak ofrann lapè nou yo. Konsa, Mwen va aksepte nou,’ deklare Senyè BONDYE a.’”
Source notes (23)
- Cross-reference Éz 10:19
- Cross-reference Jr 1:10
- Cross-reference Éz 10:19
- Cross-reference Éz 1:26
- Cross-reference Sòm 47:8
- Cross-reference Éz 8:3-16
- Cross-reference Éz 18:30-31
- Cross-reference Éz 40:4
- Cross-reference Éz 12:3
- Cross-reference Éz 40:2
- Cross-reference Éz 40:5
- Cross-reference Éz 43:17-20
- Cross-reference Egz 27:1
- Cross-reference Egz 20:26
- Cross-reference Egz 40:29
- Cross-reference I Wa 2:35
- Cross-reference Lev 8:15
- Cross-reference Egz 29:14
- Cross-reference Éz 43:20-26
- Cross-reference Egz 29:1-10
- Cross-reference Lev 2:13
- Cross-reference Egz 29:35-37
- Cross-reference Lev 9:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.