Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 40

Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre 1vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la. Nan vizyon a Bondye yo, Li te mennen m nan peyi Israël, Li te depoze m sou yon mòn byen wo. Epi sou li vè sid te gen yon 2konstriksyon tankou yon vil. Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon 3baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la. Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”

Gade byen, te gen yon 4miray sou deyò a tanp lan toutozanviwon, e nan men a nonm nan, te gen yon baton ki mezire sis koude. Yo chak te yon koude plis lajè a yon pla men.

Konsa, li te ale nan pòtay ki te gen fas li vè lès. Li te monte sou eskalye li yo, e te mezire papòt pòtay la, yon ba kann nan lajè, epi lòt papòt la te yon ba kann nan lajè. 5Chanm gad la te yon ba kann nan longè, e yon ba kann nan lajè, epi te gen senk koude antre chanm gad yo. Epi papòt pòtay la akote galri pòtay ki te ouvri pa anndan an te yon ba kann.

Li te mezire galri a vè fas pòtay la pa anndan, yon ba kann. Li te mezire galri a pòtay la, uit koude, epi pilye akote li yo, de koude. Epi galri a pòtay la te vè kay la.

Chanm gad a pòtay lès yo te twa nan kote sa a, ak twa de lòt kote. Toule twa nan de kote te gen menm mezi. Pilye akote yo te gen menm mezi a nan chak kote tou. Li te mezire lajè pòtay la, dis koude e longè pòtay la, trèz koude. Te gen yon mi baryè yon koude lajè nan chak kote, epi chanm gad yo te sis koude kare nan chak kote. Li te mezire pòtay la soti nan twati a youn nan chanm gad yo, rive nan twati a lòt la, yon lajè a venn-senk koude soti nan yon pòt jis rive nan pòt a lòt anfas la. Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure 6pòtay la. Soti devan antre a pòtay, antre a pou rive devan galri enteryè a, te gen senkant koude. Te gen 7fenèt ki fèt ak gri ki te vizavi a chanm gad yo, nan pozisyon akote pilye yo ak pòtay ki te antoure yo a, e menm jan pou galri yo. Epi te gen fenèt toutozanviwon pa anndan. Epi sou chak pilye akote yo, te gen dekorasyon pye palmis.

Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a. Pave a te akote pòtay yo, e te koresponn a longè pòtay yo, menm pave pi ba a. Epi li te mezire lajè a soti devan 8pòtay pi ba a pou rive devan pati eksteryè a lakou enteryè a, yon santèn koude nan lès ak nan nò. 9

Jan pou pòtay lakou eksteryè ki bay fas vè nò a, li te mezire longè li ak lajè li. Li te gen twa 10chanm gad chak kote. Pilye akote li yo ak galri li yo te gen menm mezi ak premye pòtay la. Longè li te senkant koude e lajè a te venn-senk koude. 11Fenèt li yo, galri li yo ak dekorasyon pye palmis li yo te gen menm mezi ak pòtay ki te bay fas vè lès la. Epi li te vin jwenn pa sèt mach eskalye yo, e galri li te devan yo. Lakou enteryè a te gen yon pòtay anfas pòtay nan nò a, menm jan ak pòtay nan lès la. Li te mezire 12san koude soti nan yon pòtay a yon pòtay.

Nan lè sa a, li te mennen m vè sid e gade byen, te gen yon 13pòtay vè sid la. Li te mezire pilye akote li yo ak galri li yo selon menm mezi sila yo. Pòtay ak galri li yo te gen 14fenèt toutotou tankou lòt fenèt yo. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude. Te gen sèt 15machpye ki t ap monte vè li e galri li yo te devan yo. Li te gen dekorasyon pye palmis yo sou pilye akote yo, youn nan chak kote. Lakou enteryè a te gen yon pòtay vè 16sid. Li te mezire de pòtay a pòtay vè sid, san koude.

Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la 17selon menm mezi yo. 18Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo tout selon menm mezi yo. Epi te gen fenèt nan li ak galri yo ki te antoure l toupatou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè. Te gen 19galri yo toupatou, venn-senk koude longè e senk koude lajè. Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye li a te gen uit 20machpye.

Li te mennen m nan 21lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo. 22Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo te selon menm mezi sa yo. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè. 23Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye a te gen uit machpye.

Ankò, li te mennen mwen antre nan 24pòtay nò a. Li te mezire li selon menm mezi yo— avèk 25chanm gad li yo, pilye akote li yo ak galri li yo. Pòtay la te gen fenèt toutotou. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude. Pilye akote li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo, youn sou chak kote. Eskalye li a te gen uit 26machpye.

Yon 27chanm ak pòtay li te bò pilye nan pòtay yo. La, yo te lave ofrann brile yo. Nan galri pòtay la, te gen de tab nan chak kote, tab sou sila yo te touye 28ofrann brile yo, ofrann peche yo ak ofrann koupabilite a. Sou kote deyò a, pandan yon moun t ap monte vè pòtay nò a, te gen de tab, epi sou lòt kote galri pòtay la, te gen de tab. Kat 29tab te nan chak kote touprè pòtay la, ki fè uit tab antou sou sila yo te touye sakrifis yo. Pou ofrann brile yo, te gen kat tab an 30wòch taye, yon koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè e yon koude nan wotè, tab sou sila yo poze enstriman avèk sila yo touye ofrann brile ak sakrifis la. Kwòk yo, longè a yon pla Men te enstale toupatou nan kay la. Sou tab yo, yo te mete chè ofrann nan.

Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou 31chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò. Li te di mwen: “Sa se chanm ki bay fas vè sid la, ki pou prèt ki responsab 32lokipe tanp yo. Men chanm ki bay fas vè nò a se pou prèt ki responsab okipe lotèl yo. Sila yo se 33fis a Tsadok yo, ki soti nan fis a Levi ki vin rapwoche yo de SENYÈ a pou fè sèvis Li.” Li te mezire lakou a, an fòm kare nèt, 34san koude nan longè pa san koude nan lajè. Epi lotèl la te devan tanp lan.

Nan lè sa a, li te mennen m nan 35galri a tanp lan e li te mezire chak kote pilye a galri a, senk koude nan chak kote. Lajè a pòtay la te twa koude nan chak kote. Longè a galeri a te ven koude e lajè a te onz koude. Vè 36eskalye pa sila li ta ka monte a, te gen kolòn ki te apatyen a pilye akote yo, youn nan chak kote.

Source notes (36)
  1. Cross-reference II Wa 25:1-7
  2. Cross-reference I Kwo 28:12-19
  3. Cross-reference Rev 11:1
  4. Cross-reference És 26:1
  5. Cross-reference Éz 40:10-21
  6. Cross-reference Egz 27:9
  7. Cross-reference I Wa 6:4
  8. Cross-reference Éz 40:23-27
  9. Cross-reference Éz 40:6
  10. Cross-reference Éz 40:7
  11. Cross-reference Éz 40:16
  12. Cross-reference Éz 40:19-27
  13. Cross-reference Éz 40:6-22
  14. Cross-reference Éz 40:16-29
  15. Cross-reference Éz 40:6-22
  16. Cross-reference Éz 40:23-32
  17. Cross-reference Éz 40:32-35
  18. Cross-reference Éz 40:7-21
  19. Cross-reference Éz 40:16-21
  20. Cross-reference Éz 40:22-37
  21. Cross-reference Éz 40:28-35
  22. Cross-reference Éz 40:29
  23. Cross-reference Éz 40:16
  24. Cross-reference Éz 40:27-32
  25. Cross-reference Éz 40:7-29
  26. Cross-reference Éz 40:34
  27. Cross-reference I Kwo 28:12
  28. Cross-reference Lev 1:3-7
  29. Cross-reference Éz 40:39-40
  30. Cross-reference Egz 20:25
  31. Cross-reference I Kwo 6:31-32
  32. Cross-reference I Kwo 9:23
  33. Cross-reference I Wa 2:35
  34. Cross-reference Éz 40:19-27
  35. Cross-reference I Wa 6:3
  36. Cross-reference Éz 40:31-37

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.