Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 4

Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni 1koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”

SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?”

Epi li te di: “2Yon baton.”

Li te di: “Jete l atè.”

Moïse te jete l atè, e 3li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.

Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.”

Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.

“Pou 4yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”

SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni 5lèp tankou lanèj.

Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, 6li te vin nèf tankou rès chè li.

“Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan. Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan 7va vin tounen san sou tè sèch la.”

Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, 8mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”

SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa 9kilès ki te fè l bèbè, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a? Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou 10enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”

Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.”

Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, 11l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.

“Ou gen pou pale avèk li, e 12mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè. “Anplis de sa, 13li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li. Ou va pran nan men ou baton sila a; 14avèk li ou va fè sign yo.”

Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, 15bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.”

Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”

Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske 16tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”

Moïse te pran madanm li avèk 17fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l. SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout 18mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale. Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: 19Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an. Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, 20Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”

Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te 21chache touye li. Konsa, Séphora te pran yon 22kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.” Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.” 23

Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li. 24Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak 25tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.

Alò, Moïse avèk Aaron te ale e 26te reyini tout ansyen nan fis Israël yo. Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout 27sign yo devan zye a pèp la. Alò 28pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.

Source notes (28)
  1. Cross-reference Egz 3:18
  2. Cross-reference Egz 14:17-20
  3. Cross-reference Egz 7:10-12
  4. Cross-reference Egz 4:31
  5. Cross-reference Nonb 12:10
  6. Cross-reference Nonb 12:13-15
  7. Cross-reference Egz 7:19-20
  8. Cross-reference Egz 3:11
  9. Cross-reference Sòm 94:9
  10. Cross-reference Mat 10:19,20
  11. Cross-reference Egz 4:27
  12. Cross-reference Egz 4:12,30
  13. Cross-reference Egz 7:1,2
  14. Cross-reference Egz 9:20
  15. Cross-reference Egz 2:21
  16. Cross-reference Egz 2:15,23
  17. Cross-reference Egz 18:3,4
  18. Cross-reference Egz 3:20
  19. Cross-reference És 63:16
  20. Cross-reference Egz 11:5
  21. Cross-reference Nonb 22:22
  22. Cross-reference Jen 17:14
  23. Cross-reference Egz 4:14
  24. Cross-reference Egz 4:15
  25. Cross-reference Egz 4:8
  26. Cross-reference Egz 3:16
  27. Cross-reference Egz 4:1-9
  28. Cross-reference Egz 3:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.