Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 35

Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: 1“Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè: Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon 2repo Saba konplè a SENYÈ a. 3Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò. 4Nou pa pou limen dife nan okenn lojman nou nan jou Saba a.”

Moïse te pale ak tout kongregasyon fis Israël yo. Li te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande a, e te di: 5‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bòn volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz, twal ble, mov ak wouj, twal fen blan, pwal kabrit, ak po belye fonse wouj, e po dofen avèk bwa akasya, avèk lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon an e pou lansan santi bon an, epi pyè oniks avèk pyè monti pou efòd la, e pou pyès lestomak la. 6

“‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo: 7tabènak la, tant li ak kouvèti li, kwòk li yo, planch li yo, poto li yo, pilye li yo, ak baz reseptikal li yo; 8lach la avèk poto pa li, chèz pwopyatwa a, ak rido vwal la; 9tab la avèk poto pa li, tout bagay itil yo, ak pen Prezans lan; 10chandelye a osi avèk limyè li ak lwil pou limyè a; epi 11lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk 12lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la; 13lotèl ofrann brile a avèk griyaj li, poto li, ak tout bagay itil li yo, basen, avèk baz li; epi14sa k ap pann sou galeri yo, avèk pilye li yo, baz reseptikal yo, ak rido pòtay la; pikèt tabènak yo avèk pikèt galeri yo, ak kòd pa yo; 15vètman tise yo pou sèvi nan lye sen an, vètman sen yo pou Aaron, prèt la, ak vètman a fis li yo pou yo sèvi kòm prèt.’”

Konsa, tout kongregasyon a fis Israël yo te pati kite prezans Moïse. 16

Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo.

Epi tout sa yo ki te mennen pa bòn volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè. Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo. Tout moun ki te kab fè yon ofrann lò ak bwonz te pote pòsyon ofrann SENYÈ a; epi chak moun ki te posede bwa akasya pou nenpòt travay nan sèvis la te pote li.

Tout fanm ki te abil, te file fil pou twal avèk men yo, e te pote sa ke yo te file yo, materyo ble avèk mov, wouj, ak len byen fen. Tout fanm avèk kè bòn volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo.

Mèt dirijan yo te pote pyè bijou oniks, pyè bijou pou monte gwo efòd la ak pou pyès lestomak la; epi 17epis avèk lwil pou limyè a, pou lwil onksyon an, e pou lansan santi bon an.

Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon 18ofrann bòn volonte bay SENYÈ a. 19

Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a. Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.

“Li te osi dedye kè l pou enstwi ni li menm, ni 20Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. 21Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blan, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”

Source notes (21)
  1. Cross-reference Egz 34:32
  2. Cross-reference Egz 16:23
  3. Cross-reference Nonb 15:32-36
  4. Cross-reference Egz 12:16
  5. Cross-reference Egz 25:1-9
  6. Cross-reference Egz 31:6
  7. Cross-reference Egz 26:1-30
  8. Cross-reference Egz 25:10-22
  9. Cross-reference Egz 25:23-30
  10. Cross-reference Egz 25:31
  11. Cross-reference Egz 30:1-6
  12. Cross-reference Egz 30:34-38
  13. Cross-reference Egz 27:1-8
  14. Cross-reference Egz 27:9-18
  15. Cross-reference Egz 31:10
  16. Cross-reference Egz 25:2
  17. Cross-reference Egz 30:23
  18. Cross-reference Egz 35:21
  19. Cross-reference Egz 31:1-6
  20. Cross-reference Egz 31:6
  21. Cross-reference Egz 31:3,6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.