Bib Sen An
Egzòd 29
“Alò, se sa nou va fè a yo menm pou konsakre yo pou fè sèvis kòm prèt Mwen: pran yon jèn towo avèk de belye san defo, epi 2pen san ledven avèk gato san ledven. Mele yo avèk lwil, ak galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Ou va fè yo avèk farin fen. Ou va mete yo nan yon panyen, e prezante yo nan panyen an ansanm avèk towo a avèk de belye yo.
“Konsa, 3ou va mennen Aaron avèk de fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e lave yo avèk dlo. Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron 4tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la. Ou va mete tiban an sou tèt li, e mete kouwòn sen an sou tiban an.5 Epi ou va pran 6lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li. Ou va mennen fis li yo, e mete 7tinik yo sou yo. Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.
“Konsa, ou va mennen towo a devan tant reyinyon an, e Aaron avèk fis li yo va 8poze men yo sou tèt towo a. Ou va touye towo a devan SENYÈ a nan pòtay tant reyinyon an. Ou va pran 9kèk nan san towo a, e ou va mete sou kòn lotèl la avèk dwèt ou; epi ou va vide tout san an nan baz lotèl la. Ou va 10pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la. Men 11chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche. 12
“Ou va anplis pran belye sa a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a. Ou va touye belye a e ou va pran san li pou flite li toutotou lotèl la. Ou va koupe belye a an mòso, lave zantray li yo avèk janm li yo, e mete yo avèk mòso li yo avèk tèt li. Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; 13li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a.
“Alò 14ou va pran lòt belye a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a. Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la. Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan 15lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo.
“Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an), Epi yon gato pen avèk 16yon gato nan pen ki mele avèk lwil la, ak yon galèt ki sòti nan panyen pen san ledven an ki devan SENYÈ a. Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a. 17Ou va pran yo sòti nan men pa yo, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la, tankou yon bagay ki santi bon devan SENYÈ a: li se yon ofrann pa dife pou SENYÈ a.
“Epi ou va pran 18vyann pwatrin belye a ki pou òdonasyon Aaron an, e ou va balanse li anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a. Li va pòsyon pa w.
“Ou va konsakre pwatrin ofrann balanse a, kwis ofrann ki te voye anlè a, ki te balanse e ki te ofri kòm belye òdonasyon an, sila ki te pou Aaron an, ak sila ki te pou fis li yo. Li va pou Aaron avèk fis li yo kòm pòsyon pa yo jis pou tout tan; li va sòti nan fis Israël yo, paske se yon ofrann voye anlè ke li ye. Li va yon ofrann voye anlè sòti nan fis Israël yo, sòti nan sakrifis ofrann lapè pa yo, menm ofrann anlè bay SENYÈ a. 19
“Vètman sen ki pou Aaron yo va pou fis li yo apre li, ke nan yo, yo kapab onksyone e òdone. Pandan sèt jou sila pami fis li yo ki vin prèt nan plas li, li va mete yo sou li lè l ap antre nan tant reyinyon an pou fè sèvis nan lye sen an.
“Ou va pran belye òdonasyon an e ou va 20bouyi chè li nan yon lye sen.
“Aaron avèk fis li yo va manje chè belye a ak pen ki nan panyen ki nan pòtay tant reyinyon an. Konsa 21yo va manje bagay sa yo pa sa ke ekspyasyon te fèt nan òdonasyon ak konsekrasyon yo; men yon etranje pa pou manje yo, paske yo sen. Si yon bagay nan chè òdonasyon an oswa, yon pen rete jis rive nan maten, ou va brile rès la avèk dife. Li p ap manje, akoz li sen.
“Konsa ou va fè pou Aaron ak fis li yo, selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo. Ou va òdone yo pandan 22sèt jou. 23
“Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre. Pandan sèt jou ou va fè ekspyasyon sou lotèl la, e ou va konsakre li. Konsa 24lotèl la va pi sen, e nenpòt sa ki touche li va sen.
“Alò, se 25sa ke ou va ofri sou lotèl la: de jèn mouton avèk laj de zan, chak jou san rete. Premye jèn mouton an, ou va ofri li nan maten e lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa; epi va genyen yon dizyèm efa (22 lit) farin fen, mele avè l yon ka in (22 lit) nan lwil ki bat, ak yon ka nan in (22 lit) diven kòm yon ofrann bwason avèk yon jèn mouton. Lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Ou va ofri avèk li menm ofrann sereyal, e menm ofrann bwason tankou nan maten an pou yon bagay ki santi bon, yon ofrann pa dife vè SENYÈ a.
“Li va yon ofrann brile nan tout tan pou tout jenerasyon nou yo, nan pòtay tant reyinyon an devan SENYÈ a, 26kote Mwen va reyini avèk nou, pou pale avèk nou la a.
“Mwen va reyini la avèk fis Israël yo, e li va vin konsakre akoz glwa Mwen. Mwen va konsakre tant reyinyon an ak lotèl la. Mwen va osi konsakre Aaron ak fis li yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen. 27
“Mwen va vin rete pami fis Israël yo e Mwen va Bondye pa yo. Yo va konnen ke 28Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa yo ki te fè yo sòti nan peyi Égypte la, pou M ta kapab rete pami yo: Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.”
Source notes (28)
- Cross-reference Lev 8:1-34
- Cross-reference Lev 2:4
- Cross-reference Egz 40:12
- Cross-reference Egz 28:39
- Cross-reference Egz 28:36,37
- Cross-reference Nonb 35:25
- Cross-reference Egz 28:39,40
- Cross-reference Lev 1:4
- Cross-reference Lev 8:15
- Cross-reference Lev 3:3,4
- Cross-reference Lev 4:11,12,21
- Cross-reference Lev 8:18
- Cross-reference Jen 8:21
- Cross-reference Lev 8:22
- Cross-reference Egz 30:25,31
- Cross-reference Lev 8:26
- Cross-reference Lev 8:28
- Cross-reference Lev 7:31,34
- Cross-reference Nonb 20:26,28
- Cross-reference Lev 8:31
- Cross-reference Lev 10:14
- Cross-reference Lev 8:33
- Cross-reference Eb 10:11
- Cross-reference Egz 30:28
- Cross-reference Nonb 28:3-31
- Cross-reference Egz 25:22
- Cross-reference Za 2:10
- Cross-reference Egz 20:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.