Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Detewonòm 29

1

Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la. Moïse te konvoke tout Israël e te di yo:

“Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a; 2gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo. 3Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande. Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. 4Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou. 5Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an. 6Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo. Nou te pran peyi pa yo a pou 7bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo. 8Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè. Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo, timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan 9sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo, pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a, pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou 10Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la. Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap 11fè akò sila a avèk sèman sila a, 12men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a (paske nou konnen kijan nou te viv nan peyi Égypte la ak kijan nou te pase nan mitan nasyon kote nou te pase yo; anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an 13bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo); 14pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa. Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’ SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va 15efase non li anba syèl la. Epi SENYÈ a va mete li apa pou mechanste l soti nan tout tribi Israël yo, selon tout madichon a akò 16ki ekri nan liv lalwa sila a.

“Alò, jenerasyon k ap vini an—fis nou ki leve apre nou yo, avèk 17etranje a ki sòti nan yon peyi lwen—lè yo wè toumant a peyi ak maladi avèk sila SENYÈ a te aflije li yo, yo va di: Tout tèritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li. Tout nasyon yo va di: 18‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’

“Epi yo va reponn: 19‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’ Yo te sèvi lòt dye yo e yo te adore yo, dye ke yo pa t konnen e ke Li pa t janm te ba yo. Pou sa, kòlè SENYÈ a te brile kont peyi a, 20pou mennen sou li tout madichon ki ekri nan liv sa a. 21SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.” 22

Bagay sekrè yo apatyen a SENYÈ a, Bondye nou an. Men 23bagay ki revele yo se pou nou menm avèk fis nou yo jis pou tout tan, pou nou kapab obsève tout pawòl lalwa sila yo.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Lev 26:46
  2. Cross-reference Det 4:34
  3. Cross-reference És 6:9-10
  4. Cross-reference Det 8:5
  5. Cross-reference Det 6:3
  6. Cross-reference Nonb 21:21-35
  7. Cross-reference Nonb 32:32-33
  8. Cross-reference Det 4:6
  9. Cross-reference Jos 9:21-27
  10. Cross-reference Jen 17:7
  11. Cross-reference Jr 31:31
  12. Cross-reference Trav 2:39
  13. Cross-reference Egz 20:23
  14. Cross-reference Det 13:6
  15. Cross-reference Egz 32:33
  16. Cross-reference Det 30:10
  17. Cross-reference Jr 19:8
  18. Cross-reference I Wa 9:8
  19. Cross-reference II Wa 17:9-23
  20. Cross-reference Dan 9:11
  21. Cross-reference II Kwo 7:20
  22. Cross-reference Trav 1:7
  23. Cross-reference Jn 5:39

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.