Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Detewonòm 25

“Si gen yon konfli antre de mesye, epi yo ale devan tribinal lan pou jij yo deside ka yo, 1yo gen pou jistifye sila ki gen ladwati a, e kondane sila ki mechan an. Konsa, li va rive ke si nonm ki mechan an, 2merite bat, jij la va fè li kouche, e fè bat li nan prezans li avèk fòs kantite kou ki koresponn avèk koupabilite li a. 3Li kapab bat li karant fwa, men pa plis, jis pou li pa bat li avèk plis kou ke sa, epi frè nou an pa vin degrade nan zye nou. 4

“Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an.

“Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. 5Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li. Li va rive ke premye ne ke li fè a, 6li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël. 7

“Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’ Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’ 8alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, e9krache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’ An Israël, non li va rele: “Lakay a sila yo retire sapat la”.

“Si de mesye, yon mesye avèk yon sitwayen parèy li ap lite ansanm, si madanm nan prè pou livre mari li a sila ki ap frape li a, e lonje men l pou sezi pati jenital li, alò, nou va koupe men li. 10Nou pa pou gen pitye pou li menm. 11

“Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, 12jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. Paske 13tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an. 14

“Sonje sa ke Amalec te fè nou pandan nou te nan chemen pou sòti an Égypte la, kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li 15pa t krent Bondye.

“Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou 16repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Det 1:16-17
  2. Cross-reference Pwov 19:29
  3. Cross-reference II Kor 11:24
  4. Cross-reference Pwov 12:10
  5. Cross-reference Mat 22:24
  6. Cross-reference Rt 4:5-9
  7. Cross-reference Rt 4:5-6
  8. Cross-reference Rt 4:7-8
  9. Cross-reference Nonb 12:14
  10. Cross-reference Det 7:2
  11. Cross-reference Lev 19:35-37
  12. Cross-reference Egz 20:12
  13. Cross-reference Pwov 11:1
  14. Cross-reference Egz 17:8-16
  15. Cross-reference Sòm 36:1
  16. Cross-reference Det 12:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.