Bib Sen An
II Wa Yo 18
Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke 1Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a. Li te gen 2venn-senkan lè l te devni wa e li te renye pandan vent-nèf ane Jérusalem. Non manman li se te Abi, fi a Zacharie a. 3Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo, David te konn fè. 4Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso 5sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan. 6Li te mete konfyans li nan SENYÈ a, Bondye Israël la, 7jiskaske, apre li, pa t gen tankou li nan tout wa Juda yo, ni nan sila ki te avan l yo. Paske li te 8kenbe fèm a SENYÈ a. Li pa t varye nan swiv Li, men li te kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo. Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te fè rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li. 9 10Li te venk Filisten yo soti rive nan Gaza avèk tèritwa li, soti nan tou kay gad yo, jis rive nan gwo vil fòtifye a.
Alò, nan katriyèm ane Wa Ézéchias la, ki te setyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la, 11Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont Samarie, e te fè syèj kont li. Nan fen twazan, yo te kaptire li, epi nan sizyèm ane Ézéchias la, ki te 12nan nevyèm ane Osée a, wa Israël la, Samarie te vin kaptire. Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan 13Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo, paske yo 14pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo. 15
Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo. Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: 16“Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò. 17Ézéchias te bay tout ajan ki te twouve nan kay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a. Nan tan sa a, Ézéchias te koupe retire lò nan pòt tanp SENYÈ a, avèk chanbrann pòt ke Ézéchias, wa Juda a, te kouvri a e li te bay li a wa Assyrie a.
Epi wa Assyrie a te voye 18Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal soutèren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la. Lè yo te rele wa a, 19Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo. Epi Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias: ‘Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: 20“Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an? Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, 21pou ou vin fè rebèl kont mwen an? Alò, veye byen, ou 22depann de baton a wozo kraze sa a, sou Égypte menm. Sou sila si yon nonm apiye, l ap fonse antre nan men l e pèse l nèt. Se konsa, Farawon va ye pou tout sila ki depann de li yo. Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila 23Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’ Pou sa, vini, fè yon antant avèk mèt mwen, wa a Assyrie a, e mwen va ba ou de mil cheval, si ou kab menm mete moun sou do yo. Kijan ou kab reziste a menm youn nan pi piti a sèvitè mèt mwen yo e depann de Égypte pou cha ak chevalye? Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m ‘Monte kont plas sa a pou detwi l.’”’”
Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an 24Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”
Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”
Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a! Konsa pale wa a! 25‘Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m. Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: “SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a.” Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou 26chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou, jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan 27yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.’ Men pa koute Ézéchias lè li mal dirije nou pou di: ‘SENYÈ a va delivre nou.’ 28Èske okenn nan dye a peyi sila yo te delivre peyi pa yo a devan men wa a Assyrie a? 29 Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m? Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, 30pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?”
Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te “Pa reponn li”. Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias 31avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.
Source notes (31)
- Cross-reference II Kwo 28:27
- Cross-reference II Kwo 29:1-2
- Cross-reference II Wa 20:3
- Cross-reference II Wa 18:22
- Cross-reference Nonb 21:21-29
- Cross-reference II Wa 19:10
- Cross-reference II Wa 23:25
- Cross-reference Det 10:20
- Cross-reference II Wa 16:7
- Cross-reference II Kwo 28:18
- Cross-reference II Wa 17:3-7
- Cross-reference II Wa 17:6
- Cross-reference I Kwo 5:26
- Cross-reference I Wa 9:6
- Cross-reference II Kwo 32:1
- Cross-reference II Wa 18:7
- Cross-reference I Wa 15:18-19
- Cross-reference II Wa 19:2
- Cross-reference II Wa 19:2
- Cross-reference II Kwo 32:10
- Cross-reference II Wa 18:7
- Cross-reference És 30:2-7
- Cross-reference II Wa 18:4
- Cross-reference Esd 4:7
- Cross-reference II Kwo 32:15
- Cross-reference I Wa 4:20-25
- Cross-reference Det 8:7-9
- Cross-reference II Wa 19:12
- Cross-reference II Wa 19:13
- Cross-reference Sòm 2:1-3
- Cross-reference II Wa 6:30
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.