Bib Sen An
II Wa Yo 14
Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, 2Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa. Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem. Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo. Se sèl 3wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Alò, li te vin rive ke depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te 4touye sèvitè li yo ki te touye wa a, papa li. Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: 5“Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran 6Séla nan lagè. Li te rele li 7Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a. 8Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”
Joas, wa Israël la, te voye kote Amatsia, wa Juda a, e te di: 9“Bwa pikan ki te Liban an te voye kote sèd ki te Liban an, e li te di: ‘Bay fi ou an maryaj a fis mwen an.’ Men te pase pa la yon bèt sovaj ki te Liban, e li te kraze bwa pikan an anba pye l. 10Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”
Men Amatsia te refize koute. Pou sa, wa Israël la te monte. Li menm avèk wa Juda a te parèt fasafas nan 11Beth-Schémesch ki pou Juda a. Juda te bat pa Israël e 12yo te sove ale, yo chak nan pwòp tant pa yo. Epi Joas, wa Israël la, te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Achazia a, nan Beth-Schémesch, li te rive Jérusalem e li te chire miray Jérusalem nan soti nan 13Pòtay Ephraïm nan jis rive nan 14Pòtay Kwen an, distans a kat-san koude. 15Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie. 16
Alò, tout lòt zèv ke Joas te fè yo, avèk pwisans li, ak jan li te goumen avèk Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël yo? Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Samarie avèk wa Israël yo. Jéroboam, fis li a, te devni wa nan plas li. 17
Amatsia, fis a Joas la, Wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la. Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa A Juda yo? Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li 18Lakis pou te touye li la. Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.
Tout pèp Juda a te pran Azaria, nan laj sèzan, e yo te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia. 19Li te bati Élath e li te remèt li bay Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
Nan kenzyèm ane règn Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la te devni wa Samarie, e li te renye pandan karanteyen ane. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo. Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li 20Jonas, fis a Amitthaï a nan 21Gath-Hépher. Paske 22SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël. 23SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la. Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël 24Damas avèk 25Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo? Epi Jéroboam te dòmi avèk zansèt pa li yo, menm ak wa a Israël yo. Epi Zacharie, fis li a, te devni wa nan plas li.
Source notes (25)
- Cross-reference II Kwo 25:1
- Cross-reference II Wa 13:10
- Cross-reference II Wa 12:3
- Cross-reference II Wa 12:20
- Cross-reference Det 24:16
- Cross-reference És 16:1
- Cross-reference Jos 15:38
- Cross-reference II Kwo 25:17-24
- Cross-reference Jij 9:8-15
- Cross-reference II Wa 14:7
- Cross-reference Jos 19:38
- Cross-reference II Sam 18:17
- Cross-reference Né 8:16
- Cross-reference II Kwo 25:23
- Cross-reference I Wa 14:26
- Cross-reference II Wa 13:12-13
- Cross-reference II Kwo 25:25-28
- Cross-reference Jos 10:31
- Cross-reference I Wa 9:26
- Cross-reference Mat 12:39-40
- Cross-reference Jos 19:13
- Cross-reference II Wa 13:4
- Cross-reference II Wa 13:23
- Cross-reference I Wa 11:24
- Cross-reference II Kwo 8:3
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.