Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Wa Yo 11

Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo. Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, 1te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò. Konsa, li te kache avèk li pandan sizan lakay SENYÈ a, pandan Athalie t ap renye sou peyi a. 2

Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a 3Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a. Li te kòmande yo e te di: “Men bagay ke ou oblije fè: 4yon tyè nan nou, ki vin antre nan Saba a, veye sou lakay wa a; yon tyè tou, nan Pòtay ki rele Sur a, ak yon tyè nan pòtay dèyè gad yo, ki va veye sou kay la kòm defans. De pati ladann nan, tout moun ki sòti nan Saba a, va osi veye sou lakay SENYÈ a pou wa a. Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi 5rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”

Konsa, kapitèn a santèn yo 6te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la. 7Prèt la te bay kapitèn a santèn yo lans avèk boukliye, sòti lakay SENYÈ a ki te konn pou Wa David la. Gad yo te kanpe chak avèk zam pa yo nan men yo, soti sou kote dwat kay la, jis rive sou kote goch kay la, akote lotèl la e akote kay la, yo te antoure wa a. Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te 8mete kouwòn nan sou tèt li, avèk 9temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!” 10

Lè Athalie te tande bwi a gad la ak pèp la, li te vin kote moun yo lakay SENYÈ a. Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe 11akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te 12chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”

Jehojada, prèt la, te kòmande kapitèn a santèn ki te chwazi sou lame a. Li te di yo: “Mennen li deyò antre nan ran sòlda yo e nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mete a lanmò nan kay SENYÈ a.” Pou sa, yo te sezi li, lè li te rive kote antre cheval lakay wa yo, li te 13mete a lanmò la.

Epi 14Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a. Tout pèp peyi a te ale kote 15kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a. Li te pran kapitèn a santèn yo avèk 16Karyen yo, avèk gad yo ak tout pèp peyi a. Konsa, yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a e yo te vini pa chemen pòtay gad yo rive lakay wa a. Epi li te chita sou twòn a wa yo. Konsa, 17tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò pa nepe a lakay wa a. 18Joas te genyen laj sèt ane lè l te vin wa a.

Source notes (18)
  1. Cross-reference II Wa 11:21
  2. Cross-reference II Kwo 23:1-21
  3. Cross-reference II Sam 20:23
  4. Cross-reference I Kwo 9:25
  5. Cross-reference Nonb 27:16-17
  6. Cross-reference II Kwo 23:8
  7. Cross-reference II Sam 8:7
  8. Cross-reference II Sam 1:10
  9. Cross-reference Egz 25:16
  10. Cross-reference II Kwo 23:12
  11. Cross-reference II Wa 23:3
  12. Cross-reference Jen 37:29
  13. Cross-reference Jen 9:6
  14. Cross-reference Jos 24:25
  15. Cross-reference II Wa 10:26-27
  16. Cross-reference II Wa 11:4
  17. Cross-reference Pwov 11:10
  18. Cross-reference II Kwo 24:1-14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.