Bib Sen An
II Korentyen Yo 6
Epi nan 1travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. Paske Li di: 2
“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”. Konsa,3Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nan4anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès nan 5pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi 6nan grangou nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan 7Lespri Sen an, nan vre lanmou an nan pawòl verite a, nan 8pwisans Bondye a; ak 9zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, pa laglwa ak 10wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen 11vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, kòm 12plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm 13pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay. 14
Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. Nou pa anpeche nou, men 15ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. Koulye a, 16nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske 17ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? Oubyen ki 18amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: 19“Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 20Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou. 21
Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”
Source notes (21)
- Cross-reference I Kor 3:9
- Cross-reference És 49:8
- Cross-reference I Kor 8:9,13
- Cross-reference Trav 9:16
- Cross-reference Trav 16:23
- Cross-reference I Kor 4:11
- Cross-reference I Kor 2:4
- Cross-reference I Kor 2:5
- Cross-reference II Kor 10:4
- Cross-reference I Kwo 4:10
- Cross-reference II Kor 1:8,10
- Cross-reference Jn 16:22
- Cross-reference II Kor 8:9
- Cross-reference Éz 33:22
- Cross-reference II Kor 7:2
- Cross-reference I Kor 4:14
- Cross-reference Ef 5:7-11
- Cross-reference I Kor 10:21
- Cross-reference Egz 29:45
- Cross-reference És 52:11
- Cross-reference II Sam 7:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.