Bib Sen An
II Kwonik Yo 19
Konsa, Josaphat, wa a te retounen sof a lakay li Jérusalem. Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: 1“Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e 2konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou? Men 3gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske 4ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”
Konsa, Josaphat te rete Jérusalem e li te sòti deyò ankò pami pèp la soti Beer-Schéba jis rive nan peyi ti mòn a Éphraïm yo. Epi konsa, li te 5mennen yo retounen a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. Li te chwazi 6jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil. Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske 7nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an. Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan 8patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
Nan Jérusalem osi, Josaphat te apwente 9kèk nan Levit yo avèk prèt yo ak kèk nan chèf lakay zansèt Israël yo, pou fè jijman SENYÈ a, e pou jije konfli pami moun ki te rete Jérusalem yo. Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè. 10Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou. Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. 11Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”
Source notes (11)
- Cross-reference II Kwo 18:1-3
- Cross-reference II Kwo 24:18
- Cross-reference II Kwo 12:12
- Cross-reference II Kwo 17:6
- Cross-reference II Kwo 15:8-13
- Cross-reference Det 16:18-20
- Cross-reference Lev 19:15
- Cross-reference Det 10:17-18
- Cross-reference II Kwo 17:8-9
- Cross-reference Det 17:8
- Cross-reference I Kwo 28:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.