Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 5

Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive 1Asdod. Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li 2lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, 3Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, 4Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li. Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm 5foule pye yo nan papòt Dagon an. Alò 6men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni tèritwa li yo.

Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.” Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?”

Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton 7 yo te vin pete sou yo. Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.

Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.” Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. 8Men SENYÈ a te lou kote sa a. Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e 9gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.

Source notes (9)
  1. Cross-reference Jos 13:3
  2. Cross-reference Jij 16:23-30
  3. Cross-reference És 19:1
  4. Cross-reference Esd 6:4-6
  5. Cross-reference So 1:9
  6. Cross-reference Sòm 145:20
  7. Cross-reference Jen 46:8-27
  8. Cross-reference I Sam 5:6-9
  9. Cross-reference Egz 12:30

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.