Bib Sen An
I Samuel 27
Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. 1Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout tèritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.” Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la. Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, 2chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk 3de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la. Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.
Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?” Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, 4Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a. Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te 51 nan, kat mwa.
Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti 6Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la. David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te 7 pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.
Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te 8atake jodi a?”
Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.” David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’”
Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”
Source notes (8)
- Cross-reference I Sam 26:19
- Cross-reference II Sam 2:3
- Cross-reference I Sam 25:42,43
- Cross-reference Jos 15:31
- Cross-reference I Sam 29:3
- Cross-reference Egz 15:22
- Cross-reference I Sam 15:3
- Cross-reference I Sam 23:27
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.