Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 24

Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, 1yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.” Alò, 2Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo. Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò 3David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la. Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, 4Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la. Li te vin rive apre ke 5konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la. Epi li te di a mesye pa li yo: “Se 6lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.” David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li. Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!”

Epi lè Saül te gade dèyè li. 7David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt. David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’? 8Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’ Koulye a, 9papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m. 10Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou. Tankou pwovèb a ansyen yo di: 11‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou. Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? 12Yon chen mouri oubyen yon grenn pis? Pou sa, 13SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”

Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: 14“Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye. Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w. Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke 15SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen. Paske si yon nonm 16jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a. Alò, gade byen, 17mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke 18wayòm Israël la va vin etabli nan men ou. Pou sa, 19sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”

David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan 20fò a.

Source notes (20)
  1. Cross-reference I Sam 23:19
  2. Cross-reference I Sam 26:2
  3. Cross-reference Sòm 57
  4. Cross-reference I Sam 26:8-11
  5. Cross-reference II Sam 24:10
  6. Cross-reference I Sam 26:11
  7. Cross-reference I Sam 25:23-24
  8. Cross-reference Sòm 7:3-4
  9. Cross-reference I Sam 6:4-5
  10. Cross-reference Jen 16:5
  11. Cross-reference Mat 7:16-20
  12. Cross-reference II Sam 9:8
  13. Cross-reference I Sam 24:12
  14. Cross-reference I Sam 26:17
  15. Cross-reference I Sam 26:23
  16. Cross-reference I Sam 26:23
  17. Cross-reference I Sam 23:17
  18. Cross-reference I Sam 13:14
  19. Cross-reference I Sam 20:14-17
  20. Cross-reference I Sam 23:29

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.