Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 16

Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè 1Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te 2chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”

Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.”

Epi SENYÈ a te di: 3“Pran yon gazèl avèk ou e di: ‘Mwen vin fè sakrifis bay SENYÈ a.’ Ou va envite Jesse pou vini nan sakrifis la. 4Mwen va montre ou kisa pou ou fè, e 5ou va onksyone pou Mwen, sila ke M montre ou a.”

Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini 6Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”

Li te di: “Nan lapè; mwen te vin fè sakrifis bay SENYÈ a. Pou sa, 7konsakre nou e vin avè m nan sakrifis la.” Anplis, li te konsakre Jesse avèk fis li yo, e li te envite yo nan sakrifis la. Lè yo te antre, li te gade 8Eliab e li te panse: “Vrèman onksyone SENYÈ a devan m nan.”

Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, 9men SENYÈ a wè kè a.”

Epi Jesse te rele 10Abinadab pou te fè l pase devan Samuel. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” Pwochènman, Jesse te fè 11Schamma vin pase. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” Konsa Jesse te fè kat nan fis li yo pase devan Samuel. Men Samuel te di a Jesse: “SENYÈ a pa t chwazi sila yo.” Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?”

Epi li te di: 12“Rete toujou pi piti a. Gade, li ap okipe mouton yo.”

Alò Samuel te di a Jesse: “Voye chache li, paske nou p ap chita jiskaske li vin isit la.”

Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: 13“Leve, onksyone li, paske sa se li menm.”

Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi 14Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt.

Epi Samuel te leve pou te ale Rama. Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon 15move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke 16li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”

Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.”

Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, 17yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi 18SENYÈ a avè l.”

Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.”

Jesse te 19pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a. Epi David te vin kote Saül e li te 20okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li. Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.” Epi li te rive ke nenpòt lè 21move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Rt 4:17-22
  2. Cross-reference Sòm 78:70-71
  3. Cross-reference I Sam 20:29
  4. Cross-reference Trav 9:6
  5. Cross-reference Det 17:14-15
  6. Cross-reference Jen 48:7
  7. Cross-reference Jen 35:2
  8. Cross-reference I Sam 17:13
  9. Cross-reference I Sam 2:3
  10. Cross-reference I Sam 17:13
  11. Cross-reference I Sam 17:13
  12. Cross-reference I Sam 17:12
  13. Cross-reference I Sam 9:17
  14. Cross-reference Nonb 27:18
  15. Cross-reference I Sam 16:15-16
  16. Cross-reference I Sam 18:10
  17. Cross-reference I Sam 17:32-36
  18. Cross-reference I Sam 3:19
  19. Cross-reference I Sam 10:4-27
  20. Cross-reference Jen 41:46
  21. Cross-reference I Sam 16:14-16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.