Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Wa Yo 19

Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak 1jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe. Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: 2“Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”

Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan 3Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, 4li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”

Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen 5yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”

Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”

Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive 6Horeb, mòn Bondye a. Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”

Li te di: 7“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, 8yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”

Pou sa, Li te di: 9“Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”

Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a. Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, 10yon ti bwi tankou yon souf lejè. Lè Élie te tande l, 11li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?” Epi li te di: 12“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.”

SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, 13ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie; epi 14Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath la nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou. Li va vin rive ke 15sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu 16va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò. 17Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”

Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete 18manto li sou li. Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, 19kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li:

“Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?” Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te 20bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.

Source notes (20)
  1. Cross-reference I Wa 18:40
  2. Cross-reference Rt 1:17
  3. Cross-reference Jen 21:31
  4. Cross-reference Jr 20:14-18
  5. Cross-reference Jen 28:12
  6. Cross-reference Egz 3:1
  7. Cross-reference Egz 20:5
  8. Cross-reference Wo 11:3-4
  9. Cross-reference Egz 19:20
  10. Cross-reference Job 4:16
  11. Cross-reference Egz 3:6
  12. Cross-reference I Wa 19:10
  13. Cross-reference II Wa 8:8-15
  14. Cross-reference II Wa 9:1-10
  15. Cross-reference II Wa 13:3-22
  16. Cross-reference II Wa 9:14-37
  17. Cross-reference Wo 11:4
  18. Cross-reference II Wa 2:8-14
  19. Cross-reference Mat 8:21
  20. Cross-reference II Sam 24:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.