Bib Sen An
I Wa Yo 17
Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”
Pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: “Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an. Li va fèt ke ou va bwè nan flèv la e 1mwen te kòmande zwazo kòbo pou ba ou pwovizyon.” Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an. Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la. Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a.
Konsa, pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: “Leve ale 2Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”
Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. 3Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”
Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, 4mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e 5mouri.”
Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”
Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.
Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke gason a fanm nan, mètrès kay la, te vin malad. Epi maladi li a te tèlman rèd ke li pa t gen souf ki rete nan li. Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O 6nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”
Li te di a fanm nan: “Ban mwen gason ou an.” Epi li te retire li sou lestonmak li e te pote li monte nan chanm anlè kote li te rete a e li te kouche li sou pwòp kabann pa li. Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?” 7
Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.”
SENYÈ a te tande vwa Élie, 8lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè. Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”
Konsa, fanm nan te di a Élie: 9“Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”
Source notes (9)
- Cross-reference I Wa 17:9
- Cross-reference Ab 20
- Cross-reference Jen 24:17
- Cross-reference II Wa 4:2-7
- Cross-reference Jen 21:15-16
- Cross-reference I Wa 12:22
- Cross-reference II Wa 4:34-35
- Cross-reference Luc 7:14
- Cross-reference Jn 2:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.