Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Wa Yo 12

1

Roboam te ale 2Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a. Alò, 3lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, li t ap viv an Égypte (paske li te toujou an Égypte kote li te sove ale rive soti nan prezans a Wa Salomon). Konsa, yo te voye rele li e Jéroboam avèk tout asanble Israël la te vin pale avèk Roboam. Yo te di: 4“Papa ou te fè jouk nou rèd. Alò pou sa, fè sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou.”

Epi li te di yo: 5“Kite mwen pandan twa jou e retounen bò kote mwen.”

Konsa, pèp la te ale.

Wa Roboam te fè 6konsiltasyon avèk ansyen ki te sèvi papa li yo, Salomon, pandan li te toujou vivan an, e li te di: “Ki konsèy n ap ban mwen pou repons a pèp sa a?”

Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: 7“Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.”

Men li te rejte konsèy ansyen yo te bay li a e li te konsilte avèk jennonm ki te elve ansanm avèk li pou te sèvi li a. Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: ‘Fè jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè’?”

Jennonm ki te elve ansanm avèk li yo te reponn li e te di: “Se konsa pou ou ta pale avèk pèp sa a ki te pale avèk ou a pou di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou. Alò, ou menm, fè l vin pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va di yo: ‘Ti dwèt pi piti mwen an pi gwo ke senti papa mwen! Kote nou wè papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete ankò sou jouk nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt; men mwen va sèvi ak eskòpyon.’”

Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, lè l te di: 8“Retounen kote mwen nan twazyèm jou a. Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a. Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. 9Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”

Konsa, wa a pa t koute pèp la; paske evenman yo se te yon dewoulman ki te sòti nan SENYÈ a, jis pou 10Li ta kapab etabli pawòl ke SENYÈ a te pale pa Achija, Siloyit la, a Jéroboam, fis a Nebath la. Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di:

“Ki pati nou gen nan David?

Nanpwen eritaj nan fis Jesse a;

Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a!

Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!”

Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.

Men 11pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo. Epi Wa Roboam te voye 12Adoram ki te chèf sou kòve yo, e tout Israël te lapide li avèk kout wòch jiska lanmò. Konsa, Wa Roboam te fè vit monte cha li pou kite Jérusalem. 13Konsa, Israël te fè rebèl kont lakay David jiska jodi a.

Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. 14Okenn sof ke Juda te swiv lakay David. 15

Alò, lè Roboam te retounen Jérusalem, li te rasanble tout kay Juda a ak tribi Benjamin an, 180,000 mesye chwazi ki te gèrye, pou goumen kont lakay Israël la pou restore wayòm a Roboam nan, fis Salomon an. Men pawòl Bondye te vini a 16Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di: “Pale avèk Roboam, fis a Salomon an, wa Juda a e a tout lakay Juda avèk Benjamin, 17a tout lòt pèp yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, “Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen fè wout yo selon pawòl SENYÈ a.

Epi, 18Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati 19Penuel. Jéroboam te di nan kè l: “Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David. 20Si moun sa yo monte pou ofri sakrifis nan kay SENYÈ a Jérusalem; alò, kè a pèp sa a va retounen vè mèt yo; menm vè Roboam, wa Juda a. Epi yo va touye mwen e retounen a Roboam, wa Juda a.” Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te 21fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. 22Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.” Li te plase 23youn nan Béthel e lòt la, li te mete li Dan. Alò, bagay sa a te devni yon peche. Paske pèp la te ale pou adore devan youn nan yo jis rive Dan. Konsa, Jéroboam te fè kay sou wo plas yo e li te 24fè prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo. Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, 25tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo. Alò, li te monte kote lotèl ke li te fè Béthel nan kenzyèm jou nan di-zuityèm mwa ke li te 26chwazi nan pwòp kè li a; epi li te etabli yon fèt pou fis Israël yo, e li te monte vè lotèl la pou brile lansan.

Source notes (26)
  1. Cross-reference II Kwo 10:1
  2. Cross-reference Jij 9:6
  3. Cross-reference I Wa 11:26-40
  4. Cross-reference I Sam 8:11-18
  5. Cross-reference I Wa 12:12
  6. Cross-reference I Wa 4:1-6
  7. Cross-reference II Kwo 10:7
  8. Cross-reference I Wa 12:5
  9. Cross-reference Egz 1:13
  10. Cross-reference I Wa 11:11-31
  11. Cross-reference I Wa 11:13-36
  12. Cross-reference II Sam 20:24
  13. Cross-reference II Wa 17:21
  14. Cross-reference I Wa 11:13-36
  15. Cross-reference II Kwo 11:1
  16. Cross-reference II Kwo 11:2
  17. Cross-reference I Wa 12:17
  18. Cross-reference Jij 9:45-49
  19. Cross-reference Jen 32:30-31
  20. Cross-reference Det 12:5-7-14
  21. Cross-reference Os 8:4-7
  22. Cross-reference Egz 32:4-8
  23. Cross-reference Os 10:5
  24. Cross-reference I Wa 13:33
  25. Cross-reference Lev 23:33-34
  26. Cross-reference Nonb 15:39

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.