Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Wa Yo 1

Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt. Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.” Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout tèritwa Israël la, yo te twouve Abischag, 1Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a. Fi a te byen bèl. Li te devni enfimyè a wa a pou te okipe li, men wa a pa t antre nan relasyon avèk li.

Alò, 2Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l. Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e 3te ne apre Absalom. Li te fè tèt a tèt ansanm avèk 4Joab, fis a Tseruja a, avèk 5Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li. Men 6Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, 7Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.

Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote 8 En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo. Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la.

Konsa Nathan te pale avèk 9Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa? Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen 10ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon. Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: 11“Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’ Veye byen, pandan ou toujou la a ap pale avèk wa a, mwen va parèt pou konfime pawòl ou yo.”

Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, 12wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a. Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?”

Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: 13Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.” Alò, gade byen, se Adonija ki wa a. Epi koulye a, mèt mwen an, wa a, ou pa menm konnen. 14Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a. Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li. Otreman, li va vin rive ke 15depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”

Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre. Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.”

Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè. Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonija va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’? 16Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’ 17Men mwen menm, sèvitè ou a, avèk Tsadok, prèt la ak Benaja, fis a Jehojada a, e sèvitè ou a, Salomon, li pa t envite nou. Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?”

Konsa, Wa David te reponn: “Rele Bath-Schéba vin kote m”. Li te parèt nan prezans a wa a e li te kanpe devan wa a. Wa a te sèmante. Li te di: 18“Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub, anverite, jan 19mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.”

Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: 20“Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.”

Alò, Wa David te di: “Rele vin kote m 21Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, ak Benaja, fis a Jehojada a.” Epi yo te vini nan prezans a wa a. Wa a te di yo: “Pran avèk ou 22sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon. Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li an la, kòm wa sou Israël. 23Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’ Alò, ou va vin monte apre li. Li va vin chita sou twòn mwen an e li va vin wa nan plas mwen. Paske mwen te chwazi li pou renye sou Israël avèk Juda.”

Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale. 24Jan SENYÈ a te avèk mèt mwen an, wa a, konsa ke li kapab avèk Salomon e fè twòn li an pi gran ke twòn a mèt mwen an, Wa David!

Konsa 25Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, 26Keretyen yo, Peletyen yo te desann. Yo te fè Salomon monte sou milèt a David la pou te mennen li kote Guihon. Tsadok, prèt la, te 27pran kòn lwil la nan tant lan pou te 28onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”

Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo. Alò, Adonija avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?”

Pandan li te toujou ap pale, men vwala, 29Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonija te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.”

Men Jonathan te reponn a Adonija: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa. Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a. Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa 30jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a. Anplis menm, 31Salomon te vin pran chèz li sou twòn wayòm nan. Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David. Yo te di: ‘Ke 32Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou, e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi 33wa a te bese sou kabann nan. Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki 34te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”

Alò, tout envite a Adonija yo te ranpli avèk gwo laperèz. Yo te leve e yo chak te ale fè wout yo. Konsa, Adonija te pè Salomon. Li te leve ale pou sezi kòn lotèl yo, e li te di: “Kite Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.” Alò, yo te pale a Salomon. Yo te di: “Gade byen, Adonija pè Wa Salomon; paske tande byen, li te ale sezi kòn lotèl yo, e li t ap di: ‘Kite Wa Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.’”

Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, 35nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”

Konsa, Wa Salomon te voye mennen li desann soti nan lotèl la. Epi li te vin lonje kò l atè nèt devan Wa Salomon. Salomon te di li: “Ale lakay ou.”

Source notes (35)
  1. Cross-reference Jos 19:18
  2. Cross-reference II Sam 3:4
  3. Cross-reference II Sam 3:3-4
  4. Cross-reference I Kwo 11:6
  5. Cross-reference I Sam 22:20-23
  6. Cross-reference I Kwo 16:39
  7. Cross-reference II Sam 12:1
  8. Cross-reference Jos 15:7
  9. Cross-reference II Sam 12:24
  10. Cross-reference Pwov 15:22
  11. Cross-reference I Wa 1:30
  12. Cross-reference I Wa 1:1
  13. Cross-reference I Wa 1:13
  14. Cross-reference I Wa 1:9
  15. Cross-reference Det 31:16
  16. Cross-reference I Wa 1:9
  17. Cross-reference I Wa 1:8-10
  18. Cross-reference II Sam 4:9
  19. Cross-reference I Wa 1:13-17
  20. Cross-reference Dan 2:4
  21. Cross-reference I Wa 1:8
  22. Cross-reference II Sam 20:6-7
  23. Cross-reference II Sam 15:10
  24. Cross-reference Jos 1:5-17
  25. Cross-reference I Wa 1:8
  26. Cross-reference II Sam 8:16
  27. Cross-reference Egz 30:23-32
  28. Cross-reference I Kwo 29:22
  29. Cross-reference II Sam 15:27-36
  30. Cross-reference I Wa 1:40
  31. Cross-reference I Kwo 29:23
  32. Cross-reference I Wa 1:37
  33. Cross-reference Jen 47:31
  34. Cross-reference II Sam 7:12
  35. Cross-reference I Sam 14:45

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.