Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 8

Alò, konsènan 1bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou 2bay bon konprann. 3Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko 4konnen jan li dwe konnen an. Men si yon moun renmen Bondye, 5Bondye konnen li.

Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke 6pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. Paske, menmsi 7genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye 8Papa a. 9De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men 10kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye. Men se pa11manje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. Men 12fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje 13bagay ki sakrifye a zidòl yo? Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb 14vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 15Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. Pou sa a, 16si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Trav 15:20
  2. Cross-reference Wo 14:19
  3. Cross-reference I Kor 3:18
  4. Cross-reference I Kor 13:8
  5. Cross-reference Sòm 1:6
  6. Cross-reference Det 4:35,39
  7. Cross-reference II Tes 2:4
  8. Cross-reference Mal 2:10
  9. Cross-reference Wo 11:36
  10. Cross-reference Wo 14:4,22
  11. Cross-reference Wo 14:17
  12. Cross-reference Wo 14:13,21
  13. Cross-reference Trav 15:20
  14. Cross-reference Wo 14:15,20
  15. Cross-reference Mat 18:6
  16. Cross-reference Wo 14:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.